Se plizyè dizèn moun ki asiste ak seremoni kloti konkou tèks Òganizasyon nan mouvman sosyal nan Depatman Sid lanse sou tèm: « Aksyon sitwayen pou sove Anviwonnman, Byodivèsite, Lavi ak Byennèt Kolektif nan peyi a », samdi 24 dawou 2024 pase a nan lise Jan Klod Mizo nan vil Okay.

 Lendi 26 dawou 2024

Oditoryòm lekòl la te byen dekore – ajoute 3 banè ki te ekri tèm konkou a: « Aksyon sitwayen pou sove Anviwonnman, Byodivèsite, Lavi, Byennèt Kolektif nan peyi a », yon eslogan « Ann fè konbit pou pwoteje Anviwonnman nou! » pou akeyi koudjay kiltirèl, Anviwonnman ak ekolojis òganizatè yo: pote pou paran, Kèk Direktè lekòl, envite epi patisipan yo ki te plis vin konnen ki kote yo gad.

 

Nan diferan entèvansyon, kit paran youn nan patisipan yo, Chrismène Sévère, youn nan 3 korektè tèks yo, ekriven Jean Billy Mondesir, Majistra komin lan, Claire Daphné France, Direktè pwogram nan PLafòm k ap Plede pou yon Devlopman Altènatif la (PAPDA), Ricot Jean Pierre, dirijan Òganizasyon yo pa t manke pa felisite jèn yo pou travay yo epi swete yo vin ranfòse Òganizasyon yo k ap travay san machandaj pou tout vivan ka viv nan kominote yo san danje yon fason pou pa kreye dezekilib ant yo.

Òganizatè yo pa t manke pa kesyone absans Direksyon Depatman Sid Anviwonnman an nan kloti konkou sa a. Responsab yo pa te wè nesesite pou vin asiste aktivite a ki ta dwe pou direksyon an yon diplis si se koze lavi ki te mobil Ministè Anviwonnman an.

Tout sa k ap rive nan kominote yo, daprè majorite nan entèvenan yo se sistèm kapitalis sovaj la ki pote yo yon pa ak mòd Leta a ki pa bay lavi twòp enpòtans yon lòt kote. Pou entèvenan sa yo, Lameri se enstans ki dwe okipe , kontwòle sekirite sitwayen yo men nan pratik enstitisyon sa se li ki bay patikilye yo lougal pou enplante tout kalite pwojè ki pa gen anyen pou wè ak pwoteksyon anviwonnman pa mande pou ta panse ak ekosistèm lan. Pou rezon sa a, se sistèm kapitalis la pou sitwayen yo nan fason y ap òganize yo pou rive kraze pou yo jwenn Byennèt Kolektif y ap reve a.

 

Nan mitan diskou sikonstans yo, pèfòmans atistik jèn patisipan yo pote chalè nan chante, esklame, deklame kou animasyon peyizan yo nan Òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen ki te flanbe sal la ak chante ki di: « Mezanmi, gade yon sistèm, Sistèm lan kriminèl».

 

Patisipan yo, malgre ap patisipe nan anbyans la te parèt sou presyon paske yo t ap tann rezilta konkou a ki te kenbe sispens lan jouk rive nan moman  pou devwale non loreya konkou a ki soti konsa: Nadgie Jocelyn, elèv NS4, premye, Aser Sainté, elèv NS4, 2zyèm, Woodly Pierre, elèv NS3, 3zyèm, Déborah Christie Toussaint, elèv NS1, 4triyèm epi Kerlin Adely, elèv NS4, 5kyèm. Yo soti ak Lap tòp, tablèt, mini tablèt ak lot liv sou Anviwonnman pou 2 dènye prim yo.

Daprè majòdyòl seremoni an, Jean Benoit Daniel Leblanc, plis pase 40 tèks pral pibliye nan yon zèv kolektif nan koumansman lane 2025 lan si se pa tout tèks yo ki pral make ajamè literati Anviwonnman peyi a.

Nou ap raple nou, lane 2025 k ap rive la pral make 200 zan depi ansyen Prezidan Boyer te peye dèt endepandans nouvo lib yo te batay pou li a.

Nan lane 1825, Prezidan an te asepte antre nan yon pwogram koupe pyebwa ki fini nan lane 1843 ak mouvman revòl mas popilè peyizan yo nan peyi a pou te di kanpe. Konsekans zak kriminèl yo sou Anviwonnman an debou jouk lajounen jodi epi gen pwogram privatizasyon, mache lib la yon lòt fenomèn anndan sistèm kapitalis neyoliberal la ki lakòz gwo potanta yo ap enplante ponp gaz, betone tè ki ka bay manje, plante izin vetivè kote ki pa fèt pou sa, espas piblik yo sal, san konte itilizasyon pwodui estiwofòm ak polistirèn ki se yon lòt flewo pou moun kou bèt.

Se sèl Batay tout bon ki ap retire peyi a nan malè li ye paske pou pwoteje kad lavi se kanpe goumen li ye.

 

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here