Premye seri egzamen ofisyèl yo byen dewoule nan 10 depatman peyi a anjeneral men nan depatman Sid la kantite kandida pou yon rezon kou pou yon lòt ki pa t pran chimen okenn nan 48 sant egzamen nan 6 distri eskolè depatman Sid la enkyetan.

 Okay 24 jiyè 2024

Kandida yo nan 10 depatman peyi a sot pase 3 jou ap konpoze pou fèmen sik klas fondamantal yo. Se yon total 183142 kandida pou tout peyi a. Depatman Sid gen 12159 ki konpoze sou 12361.

Pou Direktè Depatman Sid/ MENFP a kantite ki patisipe a rezonab. Men DDS Désir Sylvain Jean ki t ap reponn kesyon radyo Montagna ensiste sou 202 elèv ki pa rive patisipe nan egzamen yo. Ministè a dwe chache konnen paske pa konn gen tout kantite Timoun sa yo ki pa konn konpoze. Oubyen eske se pa pati yo pati kite peyi a?

Sou plas dam Okay la, elèv yo jwaye epi konfyan yo ap pase kap sa pou antre nan Nouvo Segondè selon plizyè ki pale nan mikwo radyo Montagna.

Elèv sa yo di tèks yo pa t difisil apa tèks Syans Ekspirmantal la ki pa t dous nan lendi aprèmidi. Si yon elèv te ret nan liv sèlman li ap kòkòy paske egzamen an te plis baze sou refleksyon olye pakè. Yo tout di, y ap tann rezilta yo pou lafòm men yo deja pase.

Asosyasyon Paran Elèv Ayiti yo (ASPAED H) ak pòt pawòl li, Fedner Confident di yo satisfè pou jan egzamen an dewoule anjeneral nan peyi a. Te gen kèk ti iregilarite ki pa t grav men yo bat bravo pou Ministè Edikasyon an ki te pran devan pou te mete kèk sant espesyal ki te menm sèvi abri pwovizwa pou elèv yo akonpaye ak paran . Se ka komin Gantye kote eskadwon lanmò yo te deplwaye zèl yo nan depatman Lwès peyi a.

Responsab yo nan Direksyon Sid/ MENFP a, nan semenm sa menm tanmen 2zyèm posesis la ki gen pou wè ak kodaj, preparasyon fèy yo ap demare pou pran 3zyèm faz ki se nan posesis koreksyon pou rive nan pwoklamasyon rezilta yo.

Yon lòt kote preparasyon pou 2zyèm seri egzamen ofisyèl yo ki gen pou wè ak fen etid segondè yo – NS4 pou nou pi klè, ap avanse. Responsab yo ap mete dènye ti touch yo. Si nou kwè Direktè Jean, se Anviwon 6000 elèv ki pral gen pou konpoze nan 6 syèj egzamen nan depatman Sid la soti 5 pou bout 8 out 2024.

Elèv, Paran ak Ministè a sanble kontan, yon premye chaj konble annatandan lòt egzamen yo. Men jou aprè jou, lekòl la ap depafini tipa tipa nan peyi a.

 

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here