Plis pase 24èdtan aprè prezime asasen Kema Jules fin mouri nan yon sikonstans dwòl nan prizon sivil Okay, lendi 27 me 2024 la, bò 8tè konsa nan aswè, si responsab yo pa di anyen men pou paran viktim lan ki reponn kesyon radyo Montagna, ayè madi 28 me 2024 la di, lanmò sa sispèk, yo mande pou yon ankèt louvri.

Okay, mèkredi 29 me 2024

Pawòl yo anpil deyò a sou kisa ki rive Kema Jules nan prizon sivil Okay la 7 jou aprè lajistis te fin voye l fèmen dèyè bawo pou zak asasinay sou manman pitit l ak plizyè kout kouto.

Gen 2 vèsyon nan bouch sitwayen yo nan komin Okay: youn se ta paran jenn fanm asasinen an ki vanje lanmò a mistikman epi yon lòt se bastonad, move tretman li te jwenn kote ekip komisè a te bat li kou prizonye nan prizon sivil la ki ta lakòz li mouri.

Fanmiy Kema a di RTM, yo te nan prizon sivil la, lendi 27 me 2024 le pou te vin wè frè yo, Pierre Jolin Mereus sibtiti komisè Bazelais te kenbe nan dosye asasinay sa a kòm sispèk ki ta sere zam blanch ki te touye Sophia Mondesir, dimanch 19 me 2024 pase a nan site Jan Pòl 2, bò 2 zè konsa nan aswè nan komin Okay la. Poutan enfòmasyon yo fè kwè se Jolin, apre ti frè l, Kema te fin sove aprè zak la te al chache Lapolis vin arete prezime asasen desede a kote l te kache a.

Daprè paran yo, Kema te nan yon move eta nan prizon an. Yo te menm mande eske yo ka ale lopital ak li. Ajan yo te di non. Direksyon prizon an ap swiv evolisyon e si ka l pa amelyore pou yo ka voye l nan lopital.

Prizonye Kema nan orak li, selon granfrè l, Charleson Mereus, te nan sewòm. Li te kouche yon kote solèy la te gentan rive sou li. Li te vomi epi l fè bezwen l sou kò l. Li pa t malad lè yo te arete li a pou zak li te dwe peye a. Men yo panse yo dwe konnen Kisa ki pase a paske se otorite yo ki voye Kema Jules nan prizon a, li pa ta dwe viktim konsa. Li te dwe jwenn asistans sitiyasyon l mande.

Kèk èdtan aprè, Radyo Montagna konstate kadav Kema te rive nan yon zo reken koulè ble ki make Prizon Sivil Okay ki te vin depoze kadav la nan mòg lopital Jeneral Okay la.

Mòg lopital la, depi rive administrasyon sa a, nan lane 2022, itilize mòg la pou mete sitwayen ki mouri nan lopital jeneral Okay kou osèvis lòt enstitisyon nan Leta a. Li pa glase se vre men ak pwodui chimik « fòmòl » kadav yo trete epi yo ap ka rete pou lontan nan mòg la annatandan swivi yo, daprè responsab lopital la ki reponn kesyon nou. Li te tou pwofite mande kout men pou mòg la nan achte fòmòl ki pa bon mache.

Nan lajounen madi 28 la, komisè prensipal Pakè a, Ronald Richemond te reprann dosye a kote l bay lòd liberasyon Pierre Jolin mwens 24 èdtan aprè komisè Bazelais te voye l al fèmen nan prizon sivil Okay la. Jodi mèkredi 29 la menm, chèf pouswit la remèt fanmiy lan kadav Kema Jules. Se prèv pakè jiridiksyon Okay la p ap louvri okenn ankèt sou zak sa a.

Daprè sa yon sous radyo Montagna fè konfyans diklare,  Kema Jules t ap vomi san tout lajounen lendi 27 men sa a epi l te nan yon move eta. Pou jan sa pase a, li plis sanble ak kou sitwayen an ta resevwa pandan l t ap tann mo pakè Okay la. Epi nan pil videyo dirèk medya anliy yo, anprezans jal komisè Ronald Richemond sitwayen yo te wè youn nan ekip li a ki te gen figi l bare t ap bay viktim lan kout pwen nan do l malgre yo te mare l 2 bra dèyè.

https://radiotelemontagna.com/flash-7-jou-depi-li-te-sou-kontwol-lajistis-nan-prizon-sivil-okay-la-pou-zak-asasinay-kema-jules-aka-tipol-mouri-aye-lendi-26-me-2024-la-bo-8te-konsa-nan-aswe/

Zak maspinay yo kou lanmò sispèk pa nouvo nan prizon sivil yo nan peyi a. Men lajistis pako janm rive di plis pa mande pou l ta rive mete men sou lotè zak sa yo alevwa pou ta jije yo pou zak sa yo. Sosyete a p ap janm konnen Kisa ki pase sitwayen an nan prizon sivil Okay la.

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here