Nan yon nòt ki rive jwenn sal nouvèl radyo Montagna aprèmidi samdi 25 me 2024 la, Gwoup Refleksyon Fowòm Politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen  kriye disparisyon ekriven, manm Akademi Kreyòl Ayisyen an, Pyè Michèl Cheri.

Okay, 25 Me 2024

Gwoup Refleksyon FPSPA ap anonse ak anpil tristès lanmò kanmarad nou, frè nou Pierre Michel Chéry jodi samdi 24 me 2024 la. GR-FPSPA ap salye depa yon konbatan vètikal, yon militan wodpòt ki pase lavi l ap mete tout kapasite pèsonèl li osèvis batay kolektif pou chanjman peyi ak anpil diskresyon. Anmentan tou, depi sa nesesè, li pa t rate okazyon jwe wòl dan devan pou batay la vanse.

Pyè Michèl sete pòt pawòl ak youn nan ideyològ GR-FPSPA, yon entèlektyel òganik nan batay mas Pèp la pou chanjman total kapital peyi a. Pyè Michèl kite nou apre plizyè mwa maladi. Sitiyasyon sante l te vin deteryore nan dènye moman yo an pati akoz tout difikilte ki genyen pou yon moun jwenn bonjan swen nan peyi a. Li kite nou nan yon konjonkti difisil difisil anpil, kote polivalans li, analiz li, kouraj li ak detèminasyon vwa l pi enpòtan toujou. Pyè Michel devan !! Nou menm nou dèyè ! Batay la p ap kanpe !

N ap kapab fini nòt sa ak kouplè chante « Lè yon Mapou tonbe », Carole Demesmin

Lè yon branch wozo kase bò letan

Ranmye pa menm espantan

Men lè son mapou nan granbwa ki tonbe

Tout zwazo blije mande : « kote n pral poze ? » Lan jaden nou

Ou te yon mapou

 

Kote n poze

Lè n te bouke

Se pou piyay

Ou te bay lonbray !!!

(…)

Ni fèy ni fwi nan branch bwa ki pandye Yon lè rive yo tonbe

Fèy la tonbe al pouri fè fimye

Fwi a ale pou jèmen

Pou l repouse

Lè w te tonbe sete tankou

Yon fwi k plante anndan kè nou Sawtekonndi

Pa janm pèdi…

 

Gwoup Refleksyon-FPSPA

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here