Kèk jou aprè fanmiy ak zanmi li yo te fin antere jenn etidyan asasinen an nan vil « Esenyurt » nan peyi « Turquie », paran li yo ak kondisip li yo nan 3zyèm vil peyi a, ap òganize plizyè aktivite pou make depa sanzatann Wanderson Jean – Louis, asasinen 26 janvye 2024 pase a.

Okay, lendi 5 fevriye 2024

Nan yon nòt ki rive jwenn sal nouvèl radyo Montagna, dimanch 4 fevriye 2024 la, fanmiy JEAN-LOUIS envite zanmi, kondisip ak moun sa konsène nan yon mach ak yon veye k ap soti Plas Dam Okay la pou legliz Sent Ejèn lan pou vandredi 9 fevriye a epi samdi 10 fevriye yon mès senbolik ap chante nan menm legliz la, « Saint Eugène de Mazenod », bò 8tè nan maten nan memwa pitit cheri yo a, Wanderson Jean – Louis yon konpatriyòt Ayisyen ta asasinen.

Daprè enfòmasyon yo, viktim lan te resevwa yon kout kouto nan do epi prezime asasen an lage kò a sot anlè nan yon kay byen wo pou ta fè kwè se li ki ta touye tèt li. Premye eleman ankèt yo ak denonsyasyon kèk vwazin, Lapolis nan peyi Tiki arete yon sispèk, Ramath Philosthène kèk jou apre zak Kriminèl la. Lajistis ap kontinye mennen ankèt la pou detèmine mobil krim sa a ki lage chagren ak dezolasyon kay fanmiy ak zanmi viktim lan.

Wanderson Jean – Louis nan dat 8 janvye 2024 la pase a sot selebre 25 lane agzistans li. Se nan lane 2020 li te kite peyi a, Okay(Ayiti) pou li t al kontinye etidye administrasyon nan peyi Larisi. Men lagè ant Larisi ak Ikrèn lan te pouse l kou anpil lòt etidyan Ayisyen al refijye yo nan peyi Tiki.

Kalite zak konpatriyòt Ayisyen yo ap poze nan divès peyi gen gwo konsekans sou kominote nou yo. Zak sa yo imilyan vin jwenn se pwòp imigre konpatriyòt parèy yo ki ap asasinen yo. Lwen peyi a, fanmiy lan ap soufri nan 2 sans: disparisyon sibit pitit yo ranfòse ak kadav li ki pa vin jwenn yo pou yon dènye omaj selon tradisyon yo.

 

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here