Apre lekòl la ki pa fonksyone nan Vil Okay, gwo Komès la kou mache enfòmèl la , transpò ant komin yo fonksyone yon pa epi yon lòt pa plizyè santèn sitwayen manifeste dezakò yo ak pouvwa anplas, daprès konsta radyo Montagna.
Okay, 16 janvye 2024
Apa lekòl « Frère Odilie Joseph » ki fonksyone mwatye jounen, tout lòt etablisman eskolè yo te ret a pòt yo fèmen pou 2zyèm jou mouvman ki eklate nan semenn 15 janvye 2024 la pou mande Premye Minis / Prezidan defakto Ariel Henry a kite tèt pouvwa a.
Sitwayen yo ak yon bann rara pa t gen pankat nan men yo men pa t manke pa salanbe otorite yo ki nan tèt pouvwa PHTK 3zyèm vèsyon an.
Pou kèk obsèvatè ki pa t vle vwa yo anrejistre, deklare se grav sa y ap viv nan peyi a. Pou yo se pa tout moun k ap sibi wotè pwodui premye nesesite yo ki ap grenpe 17 wotè sou tèt mas yo. Anpil moun nan popilasyon an pa gen aksè ak byen komen. Yo denonse ensekirite tout kalite ki blayi nan tout peyi a. Yo swete sitwayen yo pi vijilan epi pa gaspiye enèji yo nan mouvman san nanm ki ka anvlimen pi plis sityasyon malouk sa a .
Pou kesyon bandwòl ak kèk moun ki gen mayo ki make «nou se Guy Philippe », fòk sitwayen yo pridan. Men se fòmasyon politik sitwayen yo ki pa fèt ki lakòz . Men sa ki klè, ansyen eli Senatè Depatman Grandans lan, fenk sot pije pèn 7 lane pou zak Kriminèl kòm dilè dwòg ak blanchi lajan sal. Kot moral sitwayen yo pase? Yon Kriminèl se yon Kriminèl.
Pou anseyan sa a, solisyon peyi a se rive eklate mòd Leta sa a. Paske retire youn se menm jwè rezèv yo k ap vin mennen menm pwojè a. Tanka pou lekòl la , sitwayen an krent pou se pa jis aprè 7 fevriye 2024 aktitive lekòl la reprann. Yon pratik li dezavwe. Paske si tout lòt aktivite ap mache, lekòl la pa dwe annotaj. Se tout aktivite nèt ki pou kanpe.
Nan dènye 3 lane sa yo, se pa 2 mouvman sitwayen yo nan divès kote nan peyi a pa fè pou mande chanjman. Men nad marinad. Fwa sa, fòk sitwayen yo chanje taktik pou yo ka rive kase ren sistèm ibrid sa a.
Maks -Enmbèr Marslen
RTM