2 jou apre manm komisyon kominal Okay la te fin pibliye yon mesaj pre anrejistre sou paj ofisyèl facebook Mairie des Cayes la, responsab yo rankontre ak laprès maten jedi 16 novanm 2023 a, nan lokal Lameri a,  pou prezante yon bilan sou eta Lameri san yo pa t distribiye okenn dokiman plis pase yon mwa depi yo nan tèt komin lan.

Okay, jedi 16 novanm 2023

Pou make 50 jou depi yo nan tèt Meri Okay, 3 manm komisyon kominal la: Claire Daphné France, Petuel Mentor, Elvard Destin aka Henock Destin akonpaye ak Direktè Jeneral yo, Marc Henry Beaucejour nan yon konferans pou laprès prezante envantè bwat la epi pwofite devwale plan yo gen nan djakout yo pou rekanpe eskanpe figi vil la.

Ajan enterimè yo anonse divès pwojè soti sou klotire gran simityè Okay ki tounen yo depotwa sovaj, ranfòse Sekirite nan komin lan, kolekte dechè pou Kenbe anviwonnman an pwòp, bèl antre … Mande yo ki Kote yo pral jwenn mwayen tandiske yo ap plenyen Lameri a plen dèt vin jwenn DGI ki pou ta ede yo jwenn antre pa fonksyone nan komin lan depi kèk mwa, mize sou èd kèk patikilye ak bon volonte yo gen pou chanje eta fizik vil la.

Majistra defakto yo montre lameri pa gen materyèl e sa yo genyen yo anpàn p ap pèmèt yo ranmase fatra detan plizyè kafou nan sant vil la nan dènye jou sa yo gen gwo pil fatra yon pa epi yo anonse Lameri a gen yon gwo matonton dèt swa 16 milyon goud.

Nouvo envantè sa a depaman ak sa ansyen prezidan komisyon kominal la, Marie Michelle Sylvie Rameau te deklare nan dat 28 septanm 2023 pase a. Nan seremoni antre anfonksyon nouvo komisyon sa a, ansyen majistra a te deklare Lameri a gen yon montan 20 milyon goud k ap dodomeya nan Kès li.

Nouvo chif dèt 16 milyon goud sa vin kreye gwo konfizyon nan kominote a. Kilès nan yo pou kontribiyab yo kwè? Si Konsèy kou komisyon Minisipal pase yo te konn afiche rapò mansyèl Lameri a, sitwayen yo t ap pi ame pou dekouvri bon kou move jesyon otorite yo.

 

Max – Imbert Marcelin

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here