Tout kote nan peyi dAyiti gen kondisyon pou pwodiksyon agrikòl la ta reyalize. Vale Latibonit ap bay Diri ak Mayi, Jeremi ka bay Yanm-Tayo-Lam, Akayè ap bay bannann, Plèn Okay ka bay Diri- Mayi- Kann, Plèn Nò-Nòdès ka bay Diri-Mayi-Bannann-Patat-Manyòk-Kann ak Legim, Sidès ka bay Bannann-Legim, Nòdwès ka bay Pitimi-Manyòk-Yanm, Plato Santral ka pwodui Manyòk-Pitimi ak Elvaj, donk nan tout Depatman peyi a gen tè ak dlo pou pwodui tout manje.
Anndan kominote mafya, tout jounen y ap anonse grangou jeneral sou Ayiti tankou yon fatalite ki pa gen solisyon. Diskou fasil sa, vle fè bliye ke FMI ak Bank Mondyal te deja kreye règ sou byen ak pwodui peyi domine dwe fè lakay yo. Byen ak pwodui sa yo, pa dwe antre nan konkirans ak sa k ap pwodui nan peyi enperyalis yo. Puisans kolonyalis yo deside transfòme tout peyi depandan an senp peyi konsomatè pwodui k ap soti nan izin peyi enperyalis yo. Konsa, peyi kolonyalis yo p ap apwiye yon politik agrikòl kote Leta peyi domine ta ogmante pwodiksyon nasyonal yo. Donk Ayiti pa pwodui manje, paske pouvwa rèstavèk yo pagen volonte aji pou yo pa kontrarye vizyon politik ekonomik ameriken pou Ayiti. Prèv la devan je nou nan zafè kanal la. Pouvwa Gang PHTK/Aryèl Anri a ap fè bwi nan Radyo sou dwa pèp la pou l konstwi Kanal, anmenmtan l ap evite akonpaye popilasyon an nan travay la pou l pa twouble patwon l yo nan Wachintonn.
Tout kote nan peyi dAyiti gen kondisyon pou pwodiksyon agrikòl la ta reyalize. Vale Latibonit ap bay Diri ak Mayi, Jeremi ka bay Yanm-Tayo-Lam, Akayè ap bay bannann, Plèn Okay ka bay Diri- Mayi- Kann, Plèn Nò-Nòdès ka bay Diri-Mayi-Bannann-Patat-Manyòk-Kann ak Legim, Sidès ka bay Bannann-Legim, Nòdwès ka bay Pitimi-Manyòk-Yanm, Plato Santral ka pwodui Manyòk-Pitimi ak Elvaj, donk nan tout Depatman peyi a gen tè ak dlo pou pwodui tout manje. Se plizyè dizèn milye kawo tè nan Savann Dyann ki rete san travay malgre gen yon Rivyè ki travèse tè yo. Leta konnen egzistans ak potansyèl zòn nan, li pa reyaji paske gen rezon politik ki anpeche l mete pwodiksyon peyi a anvalè. Depi Akò CBI la, Etazini te deja mande pou Ayiti sispann pwodui manje, pou l achte tout sa l bezwen pou nouri popilasyon an Ozetazini. Ayisyen dwe al bourike nan faktori soutrerans pou l jwenn lajan pou peye manje pèpè k ap soti Etazini. Konsa yo voye:
– Rad, Soulye, Chapo pèpè, pou elimine metye tankou Tayè, Koutiryè ak Kòdonye nan peyi a.
– Zèl Kòdenn, Zèl Poul ak Diri pèpè, pou detwi elvaj ak agrikilti peyi a.
– Endistri Soutretans, ak wòl atire mendèv agrikòl la, ankouraje travayè yo anbandone kanpay pou rantre Pòtoprens ou ale Sendomeng pou al manje mizè.
Jodi a, Leta neyokolonyal antinasyonal ayisyen an atenn dènye limit li. Li rive nan yon nivo dekonpozisyon avanse kote tout paravan tonbe, li toutouni. Li pa anmezi bouche twou nan lari, e menm fatra l paka ranmase. Li pèdi tout lejitimite l nan je popilasyon an paske l reprezante yon chaj sou do peyi a, san okenn itilite pou sosyete a. Leta rèstavèk sa rete etranje parapò ak bezwen reyèl popilasyon an, ki lage nan dezawa. Jenès la nan malè, li dejenere nan taksi Moto pou l sove yon plat manje, paske l pa wè ni devan ni dèyè. Donk, jefò k ap fèt nan Wanament pou konstwi Kanal la, se yon repons popilasyon ki viktim anba atitid manfouben Leta domèstik la, k ap fonksyone selon dikta peyi enperyalis e menm peyi dominiken, san panse ak bezwen ki ta pi elemantè k ap frape popilasyon ayisyèn nan chak jou.
Kidonk sa k ap pase ozalantou Kanal Wanament lan, bay santiman yon priz konsyans ki ranmase tout kouch sosyal anndan peyi a ak nan dyaspora. Absans total Leta domèstik la pou defann enterè peyi a, pouse sitwayen yo antre nan yon pwosesis Initè ki ta dwe pi byen òganize pou pèp la rive pran responsablite peyi a totalman. Pou sa fèt, santiman tèt ansanm ak solidarite k ap degaje nan aktivite Kanal la, dwe dire lontan nan mitan ayisyen yo ak yon vizyon klè sou tou sa k dwe fèt pou n rive nan nouvo Ayiti a. Aksyon tèt kole sa ta dwe defini opreyalab nan konsètasyon ant pwogresis ki nan peyi a. Ositou, Mobilizasyon pou konstwi Kanal la dwe kontinye elaji zèl li sou tout 10 Depatman yo otou nesesite pou pèp la jwenn mwayen plante manje pou nouri popilasyon an. Pèp la dwe mande tè, pèp la dwe mande dlo pou awoze jaden, li dwe mande ankadreman ak mwayen pwodiksyon, pou l rive travay pou l ba pitit ak pwòch li manje, swen sante ak posiblite pou l voye timoun li lekòl.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!
Viv Inite Popilè Pou Chanje Peyi a!
Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, Vwa Rezistans Popilè No 99
30 oktòb 2023
Foto Kouvèti: Facebouk Anie Arlete