Se nan « Pak Nasyonal Makaya » pwomosyon 2022-2023 « Énigme » elèv Nouvo Segondè (SN-4) lise Jean Claude Museau yo deside monte pou make ajamè fen etid klasik yo, vandredi 21 jiyè 2023 a.

Lide a se te al wè kouman pak Nasyonal Makaya ap rejenere tèt li apre pil fwaye dife te pete nan divès pati Pak la ki te lakòz gwo dega nan mwa janvye, fevriye, mas 2023 pase a daprè konsta Ministè Anviwonman epi swete viris Ekositwayen an atake jenn sa yo pou rès lavi yo. Komite klas NS4 sa yo, te mete tout yo menm pou te reyalize bèl soti Natirèl ak Anviwonnman sa a.

Yo te 40 elèv akonpaye ak 2 anseyan/ Militan ki te al fè eksplwa sa a Konbyen benifik pou enpòtans sit rezèv byodivèsite sa a gen pou peyi a ak pou zòn karayib la.

Monte nan sit natirèl sa a pa difisil paske wout la pa pi mal pou moto ak pou machin men apye  li pa dous lè machin lan bloke nan zòn Leprèt. Trajè a sou moto fatigan sitou nan desann lan paske plizyè elèv se te pran moto yon fason pou soulaje doulè yo epi li t ap fè ta. Li te 7tè 30 konsa nou tout pa t ko rive kote bis la te kanpe a.

Premye difikilte nou se longè bis la. Pwochèn fwa se yon rachepwèl pou nou ta pran oubyen jwenn machin ki pi adapte pou mòn lan. Konsa nou ap rive Fòmon san pwoblèm. Lòt bagay se anpil moun nan kominote yo ki te kontan wè nou men yo pa te sispann mande nou kilè nou ap rive lè yo konnen moun lavil pa renmen monte mòn. Monte sou veyikil t ap pèmèt nou sèlman rive pi vit men mache, pale, bay blag , achte nan men moun yo, mande dlo se yon lòt nivo solidarite.

Pawòl la di se byen kalkile. Detèminasyon nou pa t piti san konte lòt moun nan kominote a k ap pouse nou lonje pye nou pi long.

Eksplorasyon pa yon bagay fasil. Malgre jounen mach sa a – soti Leprèt pou plèn Durand ki se youn nan 4 antre Pak Nasyonal Makaya a, nou pase 5kè tan ap monte- desann mòn pou Nou rive nan Pak la. Pou retounen nou pran 3 zèdtan konsa. Malgre doulè ak plenyen anvayi nou men okenn elèv pa di yo regrèt soti a menmsi yo pa t gen posiblite pou yo te antre pi fon nan poumon 2 Depatman repiblik la.

Roc ak mwen kontan leve premye defi sa a ak aprenan nou yo men pwochèn fwa se andedan rezèv la pou nou antre al lave je nou pi byen.

 

Se pa soti pou soti. Se soti pou wè, rankontre lòt epi pèdi w nan fon peyi a.

 

MIM ( foto Maks – Enmbèr Marslen)

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here