Plis pase 3 milyon ayisyen nan peyi a ap pase plizyè jou san monte chòdyè! Ekip mafya ki nan pouvwa a rete bèkèkè paske lavi mas popilè pa enterese yo.
Devan sitiyasyon katastwòf peyi dAyiti, pèp ayisyen ozabwa nan goumen pou jwenn solisyon nan kriz sosyo-ekonomik ak politik kominote mafya lokal ak entènasyonal la lage sou do peyi a. Yon sèl kou, tout malè tonbe nan kò mas popilè yo:
– Gang Core-Gwoup enstale nan peyi a, ap chache kontwole chak kalfou! Pouvwa Gang PHTK/Aryèl Anri a rete kèkal paske l konplis nan aktivite Gang yo.
– Plis pase 3 milyon ayisyen nan peyi a ap pase plizyè jou san monte chòdyè! Ekip mafya ki nan pouvwa a rete bèkèkè paske lavi mas popilè pa enterese yo.
– Dola bese, okenn pri pwodwi enpòte pa modifye. Answit, 5 milya goud ki soti nan kès Chanm Depite ak Sena ki fèmen ajoute ak lajan Sibvansyon ki te sou Gaz la vin rete nan ponyèt dirijan yo. Poutan pouvwa Gang lan pa fè anyen pou diminye lavichè ak grangou nan peyi a. Donk pouvwa domèstik PHTK la pou ranmase lajan, men l pa gen misyon pou l aji ni sou lavichè ni sou kesyon sekirite peyi a.
– Pa gen Kouran tout kote an Ayiti EDH sou kabann lanmò, sèlman Santral idro-elektrik Pelig la ki anmezi fonksyone, paske l pa gen gwo depans. Malgretou nou p ap sezi wè nan jou k ap vini yo, domèstik yo ki nan rejim PHTK remèt Santral la bay yon oligak ameriken pou obeyi lòd ki soti nan mitan mafya Depatmandeta yo.
Me nan ki kondisyon katchouboumbe, patron Aryèl Anri yo mande l òganize eleksyon pikekole pou ameriken rive nome yon nouvo trafikan nan tèt neyokoloni an.
Sosyete ki te enstale apre asasina Dealin 6 oktòb 1806 la, pa t soti nan vant revolisyon 1791-1804 la. Oligachi ki te tranpe nan krim nan te mete kanpe yon sistèm èksklizyonn sosyal ki sabote baz Inite ki te fè fòs lame endijèn lan, nan moman batay endepandans lan. Peyi a rantre nan yon kriz striktirèl ki kokobe tout pwodiksyon ak ekonomi nasyonal la paske nouvo ekip kriminèl la te deside apre asasina Desalin, mete akote tout enèji mas popilè yo ki te endispansab pou transfòmasyon peyi a. Jodi a, yon mizèrere kwaze pye l sou lestomak popilasyon an kote klas dominan yo abouti nan Gang, Kidnaping, Kontrebann, Dwòg ak Espekilasyon anba konplisite mafya entènasyonal la. Ositou, gen gwo dekalaj ant reyalite pèp la ap viv sou teren an ak charabya manm Core-Gwoup ak domèstik yo ap repete nan medya tradisyonèl yo pou konsomasyon opinyon moun k ap viv deyò peyi a. Konsa, pandan mas popilè yo gen gwo preyokipasyon pou manje, sante ak lekòl yo pa ka jwenn, kan mafya pito ap itilize pwopagann pou mete kòd eleksyon nan kou pèp la. Donk pa twò lontan jwèt la pral gate, paske kantite move souvni eleksyon 2016 pou te mete Jovnèl la lage nan sosyete a, p ap kite pèp la rete endiferan devan mannèv k ap prepare lòt eleksyon chanpyèl nan peyi a. Se pou tèt sa, koze eleksyon chocho enperyalis la ak domèstik yo ap pwone a, gen pou l tounen zo pwason nan gòj pouvwa Gang PHTK/Aryèl Anri a.
Kidonk, Aryèl Anri resevwa lòd pou l òganize eleksyon apre l ta fin kreye yon konstitisyon nan mezi pye pèp ayisyen an. Kòm pwojè mafya entènasyonal la pa ka rive pi lwen pase, bay oligachi mondyal la kontwòl Ekonomi ak bay baryè lib pou masisi ak madivinèz marye, tout moun deja konnen oryantasyon ni konstitisyon ni eleksyon zobop la. Sepandan, kòm pèp la p ap li nan menm paj ak ni mafya Depatmandeta yo ni sousoupannan pa bò isit yo, kakachat la pral pete nan vizaj domèstik yo. Enperyalis la toutouni, machin Core-Gwoup la deraye, Gang domèstik yo anba menas Bwakale, pwogresis ak patriyòt ayisyen yo dwe akonpaye mas pèp la nan chache solidarite toupatou, pou kenbe Mouvman Rezistans lan jiska laviktwa final.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!
Viv Inite Nan Mitan Mas Popilè Yo!
Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, 17 jiyè 2023.
Vwa Rezistans Popilè No 86