Depi 2018 sosyete a antre nan yon Mobilizasyon manch long pou bay domèstik lokal ak mafya entènasyonal la monnen pyès yo sou tè Desalin nan. Se nan kontèks sa,  Ameriken ak Oligachi a ap itilize Gang ke yo rive ranfòse sou teren an  chak jou piplis ak apwi gouvènman dominiken k ap fasilite zam ak Gang etranje antre an Ayiti.

 

Sa fè lontan anpil pwogresis ap itilize èkspresyon “Repiblik Feyodal e Neyokolonyal” pou kalifye sitiyasyon peyi dAyiti ki anba dominasyon etranje. Nan tan pase te gen dominasyon franse jodi a, se ameriken ki mete bòt yo sou kou peyi a pou yo kontwole tout bagay. Nan politik, nan Finans kòm nan Ekonomi se Etazini k ap koupe rache. Peyi a nan mera paske jesyon ameriken yo nan zafè Ayiti se yon dezas. Enstitisyon payas tankou ONG yo, BID, FMI ak Bank Mondyal k ap sèvi kòm ajan teren nan neyokoloni an gen objektif fè pwopagann otou fo pwojè ekonomik ak politik ki nan sans kontrè parapò enterè pèp ayisyen an. Pou ranfòse travay dezenfòmasyon an, gwo Medya sistèm nan jwenn Sibvansyon nan anbasad ak ONG pou repete charabya yo pou fasilite dominasyon ameriken sou peyi a vin pi brital. Anpil tan pase pèp la fè konklizyon apre èksperyans, ke se ayisyen yo sèlman ki anmezi retire peyi a nan katchouboumbe Ameriken, Linyon Ewopeyèn, Oligachi a ak kòlonn domèstik yo foure l jodi a.

Depi 2018 sosyete a antre nan yon Mobilizasyon manch long pou bay domèstik lokal ak mafya entènasyonal la monnen pyès yo sou tè Desalin nan. Se nan kontèks sa,  Ameriken ak Oligachi a ap itilize Gang ke yo rive ranfòse sou teren an  chak jou piplis ak apwi gouvènman dominiken k ap fasilite zam ak Gang etranje antre an Ayiti. Ositou fas ak detèminasyon kriminèl ameriken yo pou detwi peyi a, pèp la deside fè tèt ansanm nan operasyon Bwakale pou sove Ayiti. Sepandan, devan gwo difikilte ak pyèj pouvwa Gang Aryèl Anri a ak ameriken yo ap tann nan pye pèp la, ki direksyon pwogresis ayisyen yo dwe bay Bwakale a pou l vin pi efikas nan moman?

 

Jodi a san di petèt jou bare peyi parazit yo ki konpoze mafya entènasyonal la. Yo andegraba nan tout bagay pandan yo pa gen anpil lòt solisyon ki rete nan manch yo ke fè vyolans ak chache fè moun pè pou kontinye vòlè richès peyi domine yo. An Ayiti yo simaye Gang tout kote ke y ap alimante ak zam e lojistik atravè fwontyè dominiken pou fòse pèp la soumèt tèt li anba dikte ameriken yo. Gang yo kidnape, vyole ak asasinen pitit pèp la se vre, men Rezistans pèp la pa febli ni ramoli paske mas popilè yo deside chanje vizaj Ayiti pou kèlkilanswa sakrifis sa ta mande. Yo antre nan yon operasyon men nan men ak Lapolis pou derasinen Gang asasen yo ameriken deplwaye nan peyi a. Sepandan anpil travay merite fèt nan baz Mouvman an pou rann li pi efikas. Gang yo ak konpayèl ki nan pouvwa Aryèl Anri a ap ranpli yon menm misyon politik anfavè ameriken pandan chak nan yo, fèt pou jwe wòl la nan espas ki konsène yo. Youn pa dwe mache sou pye lòt, e ekip ki nan pouvwa Gang Aryèl Anri a ap toujou pwoteje frèdam Gang yo, lè sa nesesè pou travay alevini ant ajan rèstavèk ameriken deplwaye sou teren an ka asire. Donk, devan menas dezas prezans Gang yo mete sou tèt peyi a, Rezistans kolektif pèp la rete yon eleman fondamantal pou avni peyi a.

Patriyòt yo dwe itilize Bwakale a pou relouvri espas demokratik la, nan mete bout nan aksyon Gang yo sou teren an. Se pou tèt sa, pwogresis yo dwe marye batay demokratik la ak Bwakale a nan yon relasyon dyalektik alepouvini. Peyi a bezwen yon pouvwa demokratik k ap defann enterè pèp ayisyen an. Konsa, Bwakale a dwe chase ekip rèstavèk PHTK/Aryèl Anri a k ap soutni Gang yo, pou tabli yon tranzisyon demokratik long k ap gen wòl aplike yon pwogram politik nasyonal pou libere peyi a anba dominasyon etranje.

 

Kidonk, batay anndan Bwakale a dwe vize chavire gouvènman PHTK/Aryèl Anri a pou ranplase l ak yon gouvènman tranzisyon demokratik ki dwe fè mizanplas enstitisyonèl k ap vize devlopman peyi a nan yon kad nasyonal. Pèsonn p ap ka dechouke Gang pandan pouvwa PHTK/Aryèl la ap pyeje aksyon polisye sou Gang yo. Mesyedam Gang yo se pitit vant enperyalis la ke domèstik ki nan pouvwa Aryèl la gen misyon alimante e pwoteje. Tèt kole pèp la ak polisye yo nan Bwakale a dwe mennen yon batay total e global kont Gang ame yo, kont ekip Aryèl Anri a ak kont dominasyon etranje nan peyi a k ap tire fisèl Gang yo. Pwogresis yo gen devwa òganize Mouvman Bwakale a nan tout peyi a, ride pèp la ak polisye yo wè vrè lènmi Ayiti, pou mete Bwakale a nan dimansyon nesesè pou l louvri chimen pouvwa tranzisyon demokratik long lan kote sosyete a pral chita sou pwoblèm Manje, Sante, Edikasyon, Lojman ak kouman mete kanpe enstitisyon pou remanbre peyi dAyiti. Modòd koupetèt, boulekay ki te soti nan konferans Bwakayiman te kreye Lame Endijèn nan ki te reyalize Vètyè 18 novanm 1803. Bwakale a dwe byen òganize pou l debouche sou yon strikti konkrè k ap anmezi konsolide Souverènte peyi a e bay okazyon pou konkèt demokratik popilè a rive kreye lekòl, lopital, travay pou pitit peyi a sispann sèvi vèditè pou pwason manje nan lanmè.

 

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Popilè Nan Mouvman Bwakale a!

Libète ou Lanmò.

Vwa Rezistans Popilè No79

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 29 me 2023.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here