Dominasyon Neyokolonyal La Sou Kabann Lopital, Ameriken Ap Fè Mannèv Pou Pwolonje Kriz La An Ayiti.
Apre asasina Desalin 17 oktòb 1806 la, Ayiti antre nan yon kriz sosyo-politik pwofon ki pajanm rezoud. Lide chanjman ki te akonpaye revolisyon 1791-1804 la rete bloke nan imajinasyon mas popilè yo, paske mas ansyen esklav yo te reve viv nan yon bèl peyi kote tout moun t ap gen menm dwa. Sepandan apre Koudeta ki soti nan asasina Desalin nan, kont-revolisyonè 17 oktòb yo te antere tout lespwa peyi dAyiti. Leve kanpe peyizan Grandans yo anba lidèchip Goman ak jefò Anri Kristòf nan rwayòm Nò a, pat sifi pou te ranvèse volonte kriminèl 17 oktòb yo, pou retounen sèvi kòm domèstik peyi kolonyalis yo. Goman mouri an 1819, Kristòf swiside tèt li an 1820, teren an te vid pou kont-revolisyonè yo te elaji politik antinasyonal la sou tout peyi a.
Yo bay Lafrans kontwòl kilti ak Finans peyi a an 1825, atravè yon swadizan akò sou dèt lendepandans e yo te konplote pandan lokipasyon Etazini an pou remèt peyi a bay ameriken yo depi 1915 pou jouk jounen jodi. Plis pase 2 syèk, peyi a ap kokobe nan chimen pèditan anba kolon rapas franse ak ameriken, ki pa mete anyen kòm enfrastriti pou Ayiti ta espere yon minimòm. Ayiti plonje nan yon mizè total, kote tout bagay nan sosyete a bloke. Ositou an 2018, pèp la pran lari pou denonse dominasyon ameriken yo ki retire dwa ayisyen yo pou chwazi moun ki pou dirije Ayiti. Kòm repons, Etazini ak Core-Gwoup simaye Gang teworis nan peyi a pou kraponnen pèp la ak zak kidnaping e asasina . Sepandan malgre krim ak vyolans Gang teworis yo anba lòd kominote mafya entènasyonal la, pèp la kontinye goumen pou sove peyi a. Toutfwa nou konstate jodi a, lit Rezistans lan pran yon nouvo fòm ak operasyon Bwakale a. Ki dispozisyon patriyòt ayisyen yo dwe pran pou fasilite pèp la ak polisye yo rive nan yon leve kanpe jeneral anndan Mouvman Bwakale sa pou retire peyi a anba kontwòl Gang ak dominasyon kolonyalis ameriken yo? Repons lan rete nan Planifikasyon ak Òganizasyon ki dwe fèt nan mitan mas sosyete a ak polisye patriyòt yo.
Rezistans kont dominasyon neyokolonyal la, pa yon patikilarite sèlman kay ayisyen yo jodi a. An Afrik, kamarad afriken yo trè avanse nan batay la. Nan anpil peyi yo deja dechouke kolonyalis franse ak lòt piyajè ewopeyen ki fè pati Linyon ewopeyèn nan, pandan y ap kontinye frape lòt machwèwon ki sou wout chavire nan lòt peyi, paske mobilizasyon pèp afriken kont asasen yo, ap itilize revandikasyon ki klè. Sistèm mafya ki kache dèyè politik neyoliberal ak mondyalizasyon an parèt toutouni nan je tout moun. Pèp yo ap reklame Souverènte pou se yo ki deside sò peyi yo. Tout kote sou tout kontinan batay yo vin total, pèp yo ap goumen ni sou plan ekonomik ni sou plan politik. Nan kèk zòn tankou nan peyi Venezyela, Brezil, Bolivi, Iran ak kèk kote nan Afrik, pèp yo rive chwazi moun ki pou dirije yo san enfliyans etranje, e peyi yo ap òganize komès antre yo nan pwòp lajan pa yo. Nan sans sa a, Soukontinan Sidameriken an antre nan yon paj avanse nan nivo òganizasyon politik e ekonomik. Yo monte strikti solid òganizasyonèl nan mitan klas peyizan k ap sèvi modèl pou lemond antye ni nan domèn politik ni nan domèn ekonomik. Nivo òganizasyon sa depase kad tradisyonèl kolonyalis yo tekonn itilize pou soumèt sosyete yo palafòs anba lòd yo. Se pou tèt sa, yo rive majinalize aksyon peyi kolonyalis yo ki limite tèt yo nan koze fè koudeta. Donk pèp yo rive demaske ameriken ak peyi kolabo yo k ap naje nan dlo koken an toutouni. An Ayiti, Etazini plase Gang nan chak kafou pou nwaye revandikasyon pèp la ki bouke pran manti ak fo pwomès peyi mafya yo ki nan Core-Gwoup la. Sepandan malgre mobilizasyon pèp la k ap denonse politik ameriken yo sou teren an, Ganstè nan Wachintonn ap kontinye fè mannèv, pou pwolonje kalvè peyi a nan pwopoze tipwogram payas pou destabilize mouvman popilè a. Toutfwa kòm trou magouy ak manti yo pa fon, mafya ameriken yo p ap atenn objektif yo, pèp la ap rete mobilize pou trouve Souverènte peyi papa Desalin nan.
Kidonk tankou tout lòt kote, lide dominasyon kolonyal yo gen difikilte pou pase nan mitan pèp yo menmjan kou lontan. Anpil tan pase, pèp yo dekouvri dimansyon blòf ki lakay peyi kolonizatè yo. Nan Neyokoloni Ayiti a, ameriken yo pèdi kredi sou teren politik la, paske sa fè plis pase 100 lane depi Etazini ap voye monte pwomès san swit nan vizaj tout sosyete a. Mas yo pran lari an 2018 ak revandikasyon klè ki montre ke pèp la bouke pran manti nan men rasis ameriken yo. Kòm y ap pèdi batay politik la, yo kanpe dèyè Gang k ap fè vyolans avèg pou kase mobilizasyon popilè pèp ayisyen an. Sepandan yo fè anpil kadav ak viktim kidnaping nan kan pèp la, men yo p ap sis, paske pwogresis peyi a konnen se pawòl dominan yo k ap pèdi valè toupatou, donk sistèm dominasyon neyokolonyal la trouve l nan gwo enpas.
Tout kote pèp yo ap reklame Souverènte, e majorite peyi ak popilasyon nan mond lan ap bay do nan politik neyoliberal la ki pa lòt bagay ke yon politik mafya pou Ganstè fè lajan san redi. Mond lan ap dirije l vè yon nouvo kapitalis Deta kote yon fòm Leta pwovidans ka retounen, pou Leta bay pèp yo yon sèvis asistans minimòm. Ositou, leve kanpe pèp la akote polisye yo nan Bwakale a dwe rete djanm, paske rezistans k ap fèt toupatou ki koz lide ki nan baz dominasyon neyokolonyal la ap rekile a, dwe ride pèp ayisyen trouve solidarite entènasyonal nesesè pou debarase peyi a anba tout piyajè neyokolonyalis e rezoud kriz sistemik k ap mine peyi a depi asasina Desalin nan.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!
Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!
Libète ou Lanmò.
Vwa Rezistans Popilè No77
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 15 me 2023.