Kèk jou aprè jenn fanm 25 lane a te fin resevwa anpil kou anba men mennaj li, grefyè prensipal nan tribinal Depè Komin Ilavach la, viktim lan ki te akonpaye ak manm « Groupe d’Appui au Developpement du sud » GADES nan youn nan lopital nan vil Okay pou swivi, di Radyo Montagna l ap fè jefò tipa tipa menm si li gen gwo doulè. 

 

Okay, jedi 20 avril 2023

Marie Ketlie Elien ak pansman nan tèt li, bò tanp gòch li ak nan bral epi je li yo tou wouj ak yon vwa fèb te asepte reponn kesyon nou epi prezante zak vyolans tiboubout li fè sou li, jou dimanch 16 avril 2023 pase a nan sant vil zile Ilavach.

 

Viktim lan di li gen 2 lane konsa depi l nan relasyon fanm ak gason ak Pierre Gardy Milien ki se aktyèl grefye anchèf Tribinal Depè zile Ilavach la. Dimanch 16 avril 2023 a, wonflè a te di l ann soti. Men lè l gade li wè l pa pran direksyon li te di a. Rive nan yon kafou, li kanpe chofè taksi a e se konsa li koumanse vide kou sou li. Kòm gran sè makawon an pa t twò lwen, li te rive sove kouri al kay gran sè a. Men se te move chwa a paske se andedan kay la li resevwa plis kou ak tout sa ki tonbe anba men l. Kòm towo a gwo nèg epi l bosal, moun pa t pwoche.  Prezime Kriminèl la te kanpe frape l lè te panse li touye l.

Daprè viktim lan se yon kriz jalouzi ki lakòz bouwo a frape l ak fraka. Paske li pa t sispann mande l Konbyen nèg li genyen detan l ap migangannen l. Aprè zak kriminèl sa a, yo te kouri ak li nan sant sante Kay madan Bèna a kote l te pase nwit lan akòz li te nan yon move eta epi tèt li t ap anfle.

Enfòme sou zak sa, responsab GADES nan komin lan te pote sekou ak li epi enfòme kòdinasyon Depatman Sid la sou fè sa a. Aprè konta jijdepè zile a nan lendi 17 avril bò 3zè konsa viktim nan rive nan lopital jeneral Okay la kote jij Gabner Charles akonpaye ak grefye l Smay Journal te vin fè yon lòt konsta zak kraze zo sa a pou kont pakè Okay ki mete aksyon piblik anmouvman.

Avoka òganizasyon dwa fanm ak tifi a, Nesly Serin, panse se yon pa anplis epitou di Ketlie Alien pote plent fòmèl kont agresè a.

Sa gen plis pase 72 èdtan depi sou lòd chèf pakè jiridiksyon Okay la, jal  komisè Ronald Richemond, lapolis ap chache chèf bastonè a pou trennen l pote bay lajistis. Menmsi  se yon jwèt lè nou konnen se 3 ajan polis ki pou tout zile a.

Chèf wonflè a, Pierre Gardy Milien ka gen 50 lane konsa epi sa fè lontan l ap travay kòm grefye nan tribinal la pa sou premye zak li nan komin lan. Se yon pwofesyon anplis bimen fanm li gen relasyon ak yo. Li te deja parèt douvan jij Fortuné pou yon konpay li te pete tèt ak kout baton. Jijdepè sa te jis mande l pou l pa rekoumanse. Madan marye l, Dieulane Derival sa ka gen 3 lane konsa te oblije ak konkou fanmi li sove anba men bouwo a ak 4 pitit li yo.

Vyolans konjigal se yon krim, selon kòdonatris GADES la, Francia Victor. Yon nèg pa gen dwa ap bat yon fanm konsa. Si relasyon an paka mache se kanpe l. Tout fanm ki asepte pran baton nan men patnè epi li pa denonse se ris l ap kouri pou swa li domaje oubyen mouri yon jou.

Nan dènye lane sa yo, zak sa yo pase anpil kote nan peyi a kote mesye yo asasinen mennaj kou madanm yo. Nan tout zak sa yo si youn arive jije se tout. Anpil fwa bouwo yo nik pase kèk mwa nan prizon epi retounen vin kontinye maspimen medam yo.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here