Mouvman peyizan Papay (MPP) pou make 50 lane egzistans li tanmen yon seri woumble sou plizyè tematik, soti 19 mas pou rive 26 novanm 2023 prèske tout lane a. Soti 14 pou rive 18 avril 2023 a, se sou tèm  « Woumble Nasyonal Kont Dapiyanp sou tè ak min » y ap reyalize dezyèm  aktivite sa a sou 9 yo prevwa pou tout lane a. Plizyè reprezantan ki soti nan 22 òganizasyon nasyonal ak entènasyonl prezan pou selebre 50 tyèm lane egzistans MPP nan sant  Papay la nan yon moman gen gwo atak k ap fè sou lavi, tè ak kay peyizan yo nan Monwi, Papay, Okay,  Wanament pou site sa yo sèlman.

 

Okay 17 avril 2023

Dappiyanp sou tè ak eksplwatasyon min se 2 pami  pi gwo menas ki gen sou tè peyizan yo nan diferan rejyon nan peyi a sitou nan zòn gran nò a. Aktivite sa fèt nan kad « jounen entènasyonal lit  peyizan yo » ki se 17 avril la, yon mannyè pou yo ka gonfle fòs yo ansanm pou kwape gwo atak k ap fèt pou mete yo deyò sou tè.

 

Delegasyon ki soti nan Repiblik Dominikèn ki fè pati La Via Campesina, yon mouvman peyizan mondyal pale sou gwo pwoblèm y ap fè fas lakay yo anba konpayi minyè yo ki demantibile anviwonnman an , polye tout sous dlo ak rivyè nan peyi yo.  Leta Dominiken livre yon bon pati nan Repiblik Dominikèn nan bay konpayi miltinasyonal yo k ap fè eksplwatsyon min metalik yo,  sitou lò. Sa lakòz anpil moun deyò sou tè yo pou fè plas ak konpayi, sa ki rann lavi mas peyizan yo pi difisil.

Anpil òganizasyon Ayisyen tankou : Tèt Kole ti peyizan Ayisyen , Kolektif Jistis Min, MPNKP, Kayla, PAPDA denonse aktivite min metalik ak dappiyanp sou tè ki anvayi tout peyi a. Dappiyanp lan se yon gwoup ki gen Jij, avoka, ansyen palmantè, apantè, notè ak lòt moun nan Leta a ki kache dèyè l. Yo vanse pou di peyi Dayiti pa ka rantre nan eksplwatasyon min metalik akòz se yon peyi ki gen yon ti teritwa ak  12 milyon moun k ap viv sou li, se yon peyi ki vilnerab anpil sou plan anviwonmantal, epi agrilti se pi gwo sektè aktivite sitou pou peyizan yo. Yo di yo pare pou yo pou fè fas kare ak tout enstans ki ta vle enpoze peyi a eksplwatasyon min metalik.

 

N ap raple nan lide pou fè solidarite  divès peyizan k ap sibi atak bandi ak zam nan fèm Papay, jounen lendi 17 avril la, pandan yon delegasyon ki gen plis pase yon santèn peyizan manm 22 òganizasyon kite soti plizyè kote nan peyi a , nan peyi Brezil ak Repiblik Dominikèn te al pote solidarite ak peyizan ki sou fèm sa a, plizyè ajan BSAP ak sivil ame ki gen nan tèt yo ansyen militè ki pote non kòmandan Jean Baptiste debake yo tire epi tante arete kèk peyizan pandan yo brandi yon  manda. Gwoup peyizan ak tout vizitè yo te reziste epi anpeche yo arete peyizan an menmsi tout rad sou li te dechire.

Komisè gouvènman Ench lan,  Edler Guillaume, akonpaye ak jijdepè Jean Mary Toutenva epi lapolis apre plis pase 2 èdtan te rive sou fèm nan. Yo te diskite ak ajan BSAP yo, sitou Jean Baptiste (kòman Janbatis) pou mande l ki kote l jwenn otorite pou l ap egzekite manda ? Apre anpil pale gwoup BASP la te pral deplase. Kòmisè a te fouye kay youn nan  vòlè tè yo ki gen kay sou tè a , Pouchon ensikoni kite trè menasan fas ak peyizan yo ki menase l ap koupe tèt yo. Lapolis rekipere  2 zam kreyòl,  yon manchèt ak plizyè ponya nan kay la, yon jeneratris epi yo arete misye ale ak li. Komisè a bay peyizan yo garanti l ap toujou la pou akonpaye yo. Li mande pou sila ki jije yo viktim pou yo vini pote plent nan pakè a paske l disponib pou resevwa yo.

Chavanes Jean Baptiste, dirijan Mouvman Peyizan Papay (MPP) pwofite jounen LIT PEYIZAN yo pou denonse gwoup bandi ak zam ki debake pou arete ak tire sou peyizan ki ap travay tè nan fèm PAPAY la ki se yon tè Leta ki sou kontwòl Ministè Agrikilti kote Biwo Depatmantal Agrikilti a loje epi peyizan yo ap itilize pou fè jaden depi lane 1915.

 

Nan koumansman lane 2023 a se deja plizyè atak ki fèt sou peyizan yo nan peyi a tankou : Okay kote yo touye yon peyizan nan òganizasyon peyizan kay Papa Numa nan Lagodre, Pyat nan Monwi kote yo deja touye plis pase 20 peyizan ak yon avoka k ap defann yo ak boule plis pase 40 kay epi menase pou boule Sant Tèt kole tipeyzan ki se kote yo gen yon fèm pou fè eksperimantasyon ak fòmasyon sou agwo-ekoloji, nan Prevwayans, Wanament nan Nòdes peyi a kote y ap mete peyizan deyò. Jounen lit peyizan an se yon moman pou òganizasyon yo reflechi epi gade kouman yo pral chanje mòd Leta sa pou se peyizan k ap travay tè ki gen tè , dapre patisipan yo.https://radiotelemontagna.com/plizye-sekte-nan-sosyete-a-denonse-zak-ensekirite-ki-pa-sispann-repete-nan-peyi-a/

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here