Eleksyon Anba Kontwòl Gang Ame, Ap Bay Etazini Okazyon Nome Yon Domèstik Pou Anvlimen Kriz La.

 

Atravè asasina Desalin lan, kont-revolisyonè ayisyen yo te vle sakrifye tout lide pozitif ki te nan baz revolisyon 1791-1804 la. An 1825, ekip asasen yo te reyalize rèv yo lè yo te siyen akò kado a, ki te bay Lafrans kontwòl Finans ak kilti peyi a pou jouk rive nan lane 1915, kote entèvansyon ameriken an pral pèmèt Etazini kontwole totalman ekonomi ak politik peyi dAyiti pou jouk kounyela. Pandan tout peryòd dominasyon Franse e Ameriken yo, okipan piyajè yo chwazi bloke tout fòs pwodiktif Ayiti. Konsa, peyi a rete ak yon ti ekonomi rachitik ki pa pèmèt pèp la viv tankou moun. Ayisyen ap  kouri pasipala pou ale nan lòt peyi, dèyè yon lavi miyò pliske oligachi a ak okipan ameriken yo transfòme Ayiti an yon lanfè. Se nan kontèks sa kote gen Gang nan chak kalfou, yon gwoup ajan etranje ap pale pawòl eleksyon pou Etazini rive chwazi lòt domèstik ak nouvo trafikan Gang, pou mete nan tèt Leta rèstavèk la. Ki enterè ajan etranje yo ap rapouswiv dèyè pawòl dwategòch sa yo?

 

Depi nan premye mwatye 19èm syèk la, Ayiti anba dominasyon total peyi etranje. Lafrans ki te nan tèt dominasyon neyokolonyal la soti 1825 rive 1915 lan, te plis chita sou piye richès ak kontwole kilti peyi a, alòske ameriken yo pral chache mete tout bagay anba vant yo depi 1915. Donk pèp ayisyen an akote, li pagen kontwòl desten peyi a. Jiska prezan se franse yo ki  gen kontwòl fòmasyon jenn ayisyen yo.  Yo fè materyèl skolè pou rakonte jenès la, sa yo vle sou listwa peyi a. Peyi kolonyalis yo vle detwi idantite pèp ayisyen an, nan pase kilti peyi a anba pye. Ameriken ap koupe rache nan domèn politik pou yo toujou rive mete  yon domèstik  nan tèt peyi a pou regle zafè pa yo. Ositou, peyi a bloke nan tout nivo.  Jesyon katastwòf Ayiti anba dominasyon Franse ak Ameriken nan konplisite ak oligachi kont-revolisyonè a, kondwi peyi a nan yon katchouboumbe total. Se pou tèt sa  apre gwo koken nan eleksyon 2016 yo, pèp la leve kanpe pou l mande kolonyalis etranje yo fè yon kanmpo. Apre 2 syèk y ap jere peyi a nan gabji administratif, vòl, piyaj ak kòripsyon, pèp la di Ayiti bouke viv anba dominasyon rapas ak piyajè. Mobilizasyon Pèmanan ki sou beton an depi 2018 la di tout bagay aklè. Ameriken, Franse ak Core-Gwoup la echwe nan peyi a, yo dwe tire tout konsekans yo.

 

Kidonk, kriz Ayiti a fon anpil e nou jwenn li nan tout domèn; ekonomik, politik, sosyal e kiltirèl. Mobilizasyon manch long 2018 la, te manyen maleng lan.  Pèp la te deside antre nan goumen pou derasinen sistèm dominasyon kolonyal e feyodal la, k ap mòfreze tout aktivite chanjman peyi a lè sistèm sa, mete enèji mas pèp la akote nan pa bay travay pou l pwodwi richès nan peyi a depi 2 syèk. Pwisans kolonyalis yo pito envesti nan Medya ak ONG, pou jwenn ajan etranje pou kache pawòl la. Ajan mèsenè sa yo ki nan sèvis sistèm nan, gen pou misyon repete vye koze ki ta nan baz blokaj devlopman peyi a, pou detounen lespri pèp la.  Jodi a, ajan domèstik yo ap pouse pou eleksyon fèt anba kontwòl Gang yo pou rezoud kriz, alòske Gang yo la pou fasilite ameriken yo nome moun yo vle nan tèt Leta a. Donk Ajan enperyalis yo nan manti, paske tout moun konnen kriz la gen rasin li nan sistèm dominasyon neyokolonyal la, ki nan tèt peyi a depi 19èm syèk la. Se pou tèt sa, pawòl Ajan domèstik k ap pale anba lòd anbasad yo, p ap bay rezilta pliske leve kanpe 2018 yo abòde kesyon an nan yon nivo ki pi avanse ke charabya sou zafè eleksyon nan konplisite ak Gang Milis ki sou teren an. Evènman k ap dewoule toupatou nan mond lan, dwe bay pèp la lespwa ke solidarite nan Mobilizasyon manch long lan, ap bay Mouvman Rezistans lan kapasite libere peyi a, si pwogresis ayisyen yo kontinye òganize tèt yo nan mitan mas popilè yo.

 

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Vwa Rezistans Popilè(No72).-

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 10 avril 2023.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here