Ki Enpòtans Gang Yo Sou Teren An Pou Core-Gwoup La?
An 1994, pou Aristid tounen apre koudeta a, Etazini te oblije fè lantèman Lame dAyiti ki te pitit vant sistèm dominasyon ameriken nan neyokoloni an depi lè l te fonde an 1934. Apre disparisyon tilame dokipasyon sa, gen yon vid ki kreye sou teren politik la ke enperyalis la pajanm rive konble. Yo fòme Polis Nasyonal, yo fè yon bann kò delit, yo ekipe yo pou transfòme PNH la an yon Polis dokipasyon, malgretou travay Lame dAyiti tekonn reyalize sou teren an pou ameriken yo pa rive fèt nan menm dimansyon yo te espere a. Ositou, vid la ki kreye ak disparisyon tilame a pral fè santi l nan moman gwo mobilizasyon 2018 yo kote pèp la t ap ajite gwo revandikasyon ki atake sistèm dominasyon ameriken sou teren an. Se nan okazyon sa, mafya entènasyonal la te pwofite kreye Gang, antrene yo, federe yo, ame yo jis nan dan pou tante kraze mobilizasyon popilè a. Konsa, moun ki spesyalis beton an toujou konstate chak fwa tanperati kidnaping, vyolans ak krim Gang yo monte sou teren an, sa anonse yon nouvo ofansiv politik Core-Gwoup ak pouvwa Gang Aryèl Anri a pral antreprann kont peyi a. Menmjan, sa tekonn fèt sou Franswa Divalye, depi Radyo Vwa Revolisyon Divalyeris la, lage chante dife nan kay la, manman pitit mare vant, Tonton Makout pral asasinen anpil militan.
Apre eleksyon pikekole 2016 yo kote Core-Gwoup la te desann nan labou koken an pou mennen Jovnèl nan Palè Nasyonal kòm domèstik ki dwe defann enterè ameriken yo, pèp la te pran beton an 2018 pou bay mafya entènasyonal la monnen pyès li nan yon mobilizasyon masif sou tout peyi a. Kòm mouvman foul toujou charye jèm lide kontestasyon, mobilizasyon an te denonse vòl ak piyaj richès peyi a e l te lonje dwèt sou dominasyon ameriken yo sou tèt Ayiti ki egziste depi lokipasyon 1915 lan. Repons enperyalis la, Core-Gwoup ak gouvènman domèstik la, se te òganize represyon avèg toupatou nan peyi a nan yon liy tradisyonèl ki pa alamòd ankò. Core-Gwoup la ak pouvwa PHTK rasanble Gang yo anba banyè ameriken, òganize yo, antrene ak ame yo pou ranfòse aksyon kò Polis la sou pèp la, pandan ke polisye ki vle rèspekte regleman kò Polis la kondane pou mouri anba bal Gang yo. Se nan moman presi sa tou, Manzè Lalim yon amerikèn ki te nan tèt misyon Nasyonzini nan peyi a te asosye l ak ajan anbasad ameriken, pou federe Gang G9 la pou l kouvri plis espas ak plis mwayen. Konsa, Gang Milis yo pran yon lòt dimansyon kote y ap kidnape, touye pou simen latroublay nan mitan tout popilasyon an. Sepandan, kòm leve kanpe 2018 yo t ap ajite anpil lide pwofon, vyolans Gang yo k ap boule kay, kraze zafè moun nan tout katye sitou nan anviwònman Pòtoprens lan, pa rive kraze malgretou Mouvman Rezistans Popilè a nan tout peyi a.
Kidonk, malgre mank kòwòdinasyon nan aksyon Gang yo sou teren an, yo rete yon pyon majè nan dispozitif represyon ameriken mete sou pye nan peyi a. Konkou yo pou Core-Gwoup la pa atenn 10 sou 10 tankou Lame dAyiti te resi fè l pou ameriken yo, men yo fè djòb la. Chak moman difisil kote kòlè pèp la ap monte, Gang yo kreye lòbèy antre yo, bay panik, tire gwo kout zam pou fè popilasyon an deplase pasipala, pou dejwe tout planifikasyon nan Mouvman Rezistans lan. Malgre aparans divizyon ki egziste pami yo, Gang yo jwe gwo wòl nan kenbe pouvwa Gang PHTK Aryèl Anri a nan tèt Leta a. Se pou tèt sa, ameriken ap kontinye ba yo zam ak lespwa ke travay Core-Gwoup la , ap rive kreye disiplin ak ensten kriminèl nesesè nan mitan yo pou pèmèt yo jwenn mwayen jwe wòl defen Lame dAyiti a pou ameriken yo sou teren politik la. Donk, pwogresis ayisyen yo dwe pare pou fè faskare ak yon lòt fòs dokipasyon pi òganize nan jou k ap vini yo, paske ameriken yo ap travay pou Gang yo rive ranplase prezans fizik yo sou teren an. Ositou, Etazini ap pouse nan koulis pou l rive entegre Gang yo fizikman anndan pouvwa Aryèl Anri a. Annafè pa dòmi di, patriyòt yo dwe kontinye òganize tèt yo nan mitan mas yo pou Mouvman Rezistans lan jwenn enèji nesesè pou kapote plan kriminèl ameriken ak oligachi a.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!
Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!
Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 20 mas 2023.
Vwa Rezistans Popilè No69