Plizyè aktivite te dewoule nan peyi Dayiti pou make jounen entènasyonal dwa ak lit fanm yo jounen 8 mas 2023 a ki gen 46 lane depi Nasyonzini ap komemore l. Se tèm: “Pou rive tabli yon sousyete san fòs kote, se pou fanm ak gason gen menm aksè nan nouvo Teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon” Nasyonzini te chwazi lane sa a. Tandiske plizyè òganizasyon nan vil Okay ki pat deside pase sou kote jounen sila a te chwazi tèm: “Nou vle viv tankou moun an Ayiti” pou selebre jounen 8 mas la, dapre konsta Radyo Tele Montagna.
Okay, 8 mas 2023
Bò 9 vè nan maten, sou envitasyon “Hope for Haiti” yon Òganizasyon non Gouvènman plizyè santèn fanm anmajorite kou gason mache soti nan zòn Chapantye a lonje Boulva pou al bout nan baz yo, Sent Ejyèn. Patisipan yo te abiye ak mayo koulè mòv epi ap chante, danse kòm si se te yon jou fèt. Nan mach pasifik sa a ki te san pankat kou bandwòl, patisipan yo te pral konsilte pou pwoblèm nan matris ak pou detekte si yo pa gen okenn boul nan tete yo. Fanm yo pa t ap peye senk kòb pou konsiltasyon sa a epi jwenn medikaman si ka yo mande sa a.
Bò kote ansanm 5 lòt òganizasyon se kesyon kolèt san pou fanm k ap mouri nan operasyon akòz yo pa jwenn san ki atire yo nan jou lit pou dwa fanm yo. Zèklè Gwoup Fanm nan Sid, Bog’art, AJPE, OFEPDDH, Konbit san pou san òganize bò kote pa yo premye jounen kolèt san yon fason selon yo pou pote kole ak pil fanm ansent ki konn andifikilte akòz yo pa jwenn yon pochèt san nan sant sante yo.
Aktive komemorasyon 8 mas la tou te nan “Restoran Anti Stress” nan yon konferans sou tèm Nasyonzini an : “Pou rive tabli yon sousyete san fòs kote, se pou fanm ak gason gen menm aksè nan nouvo Teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon.”
Pou Konsòsyòm 6 Òganizasyon yo tankou GADES, Twoup Dans Ayibobo, EFAKOS, AFHS, GFF, ak KOSOFADS selebre jounen entènasyonal 8 mas la ak yon lide solidarite. Pou sa, yo monte yon direksyon depatmantal senbolik ak tout ministè ki gen reprezantasyon yo nan depatman Sid la.
Depi nan antre a nou te ka li nan kèk pantak “ Lanmou pa mache ak vyolans”, “Ce n’est pas juste”, “ Ansanm pou kwape vyolans sou fanm ak tifi” yon fason pou montre kouman medam yo ap sibi nan sosyete matchis sa a.
Nan pòtoprens te gen plizyè aktivite kite reyalize pou make 8 mas la. Ayè madi 7 mas 2023 a nan aswè òganizasyon feminis Dantò te bay randevou nan yon « Espace » sou Twitè sou tèm : ″Kalvè fanm ayisyen yo nan sityasyon migrasyon nan Sendomeng″. Colette Lespinasse, jounalis, feminis, militan dwa moun te entèvenan nan kad aktivite sila ki te chita sou move tretman plizyè kategori fanm tankou : fanm ansent, madan sara, etidyan, fanm nan batey ap sibi kay vwazen.
Platfòm òganizasyon Ayisyen Dwa Moun yo, POHDH sou bò pa l te òganize yon kozri sou tèm : « Pwoblematik Dwa Fanm nan Kontèk Ensekirite Jeneralize a ». Gerald Guillaume pou òganizasyon IDETTE, Jocelyne Colas, Direktris Nasyonal Jistis ak Lapè, epi Christella Casimir pou òganizasyon Feminis Dantò. Diskisyon yo te chita sou sityasyon fanm yo nan kontèks kote fanm nan divès katye popilè ,vil pwovens k ap sibi gwo vyolans tankou : vyòl, deplasman fòse, dekapitalizasyon, asasinay, vyolans fizik. Youn nan entèvenan yo kise Gerald Guillaume pou òganizasyon IDETTE ki soti nan Grandans denonse divès zak vyòl k ap fèt nan depatman an sitou sou tifi.
Solodatite Fanm Ayisyen (SOFA) krache endiyasyon li pandan l ap kontinye revandike ak tout Fòs li dwa pou goumen kont lavichè, pou swen sante, pou manje sikile, pou tout moun viv ak kèk kontan, dwa pou tout Kriminèl jije, dwa pou gen lajistis pou kwape enpinite, dwa pou Kriminèl tout nivo jije kòmsadwa, dwa pou Nou defann dwa grandèt peyi nou.
Fanm yo nan peyi Dayiti ap selebre dat sa nan yon kontèks sosyal, politik, ekonomik, kiltirèl al entèlektyèl difisil. Dwa pou moun anjeneral manje, sikile, dòmi, pran plezi, viv nan yon Anviwonnman sen, al lekòl, elatriye pa respekte. Si se yon jou fanm yo ap tann pou denonse, yo pa mete ansanm ak tout moun ki konsyan nan yon veritab lit pou jistis sosyal tabli, yo mele.
Max – Imbert Marcelin ( Maks- Enmbèr Marslen)