Chonje pou Nou Aji.

 

« Pak Makaya se lavi tout moun mòn ak plèn sid. Ann fè yon fason pou nou kolabore ak agrikilti pou nou sove l.

 

Pa koupe pyebwa (bis)

Nan Pak Makaya (bis)

Pou sove Lavi nou (bis) »

 

Chante sa a la lontan, li te tounen yon kredo paske anpil timoun nan lane 1980 yo te konn chante l sitou nan dat fèt agrikilti. Epi radyo te konn woule l pou sansibilize sitwayen yo sou enpòtans Pak la epi travay pou pwoteje l.

 

Se nan 2 lokalite Pak la: Kay Jeudi Fòmon sou blok ka Tilis ak Deglasi sou komin Kanperen ak Depatman Grandans dife a eklate depi kèk jou nan Pak Nasyonal Macaya a. Premye enfòmasyon yo fè kwè se moun k ap eksplwate bwa gra (pen) ki lage l aprè pou yo ka vin eksplwate yo.  Yon zak kriminèl si sa ta konfime.

Pyebwa pen an lè l fin sèch gen yon kantite tan pou yo fè pou sèv la sèch ki pral rann li vin gra. Kole dife ladan li vin seche sèv dlo nan pen an pi vit.

 

Se pa premye fwa dife pete nan Pak la. Dènye a, ka gen 2 mwa depi l te pete, fè dega pou l fè men Leta pa pran okenn desizyon pou frennen fwaye a ki se konsekans migrasyon nan zòn santral pak la, eksplwatasyon pye pen yo, siye bwa 2 pa 4, koupe bwa di, bwa kofraj, fè elevaj lib, fè jaden pou m site sa yo sèlman.

 

Se nan dat 4 avril 1983, Leta te deklare sit Lavizit, Macaya “ Pak Nasyonal Rezève. Pak Makaya te sou 2000 ekta tè men nan lane 2013 yon nouvo dekrè te vin etann li sou yon sipèfisi  8726,14 ekta tè. Nan lane 2016, L’UNESCO deklare Pak la rezèv pou Ayiti ak Karayib la  kòm youn nan pi enpòtan espas pou Konsèvasyon byodivèsite.

 

Pak Nasyonal Makaya etann li sou 3 depatman: Nip, Grandans ak Sid epi omwen 7 rivyè nan depatman yo gen sous yo nan pak la.

 

Pak Nasyonal Makaya a gen 5 ajan k ap siveye l epi se yon sèl ki abite nan sit la. Yon eskandal. Ame ak yon fizi 12 plis sanble ak jandàm olye yo jwe wòl nan fè Sansibilizasyon pou pouse moun yo ozalantou pak la, pwoteje espas la epi ba yo mwayen pou dekouraje moun mal entansyone ki vin fè move zak nan pak la.

 

Koze ki ta fè kwè se ta nivo sechrès  k ap frape Depatman Sid la ki lakòz dife a , pa fin kenbe. Nan tan nòmal, nou t ap nan epòk mouye epi nou pa ka di li fè cho. Donk ipotèz pou se ta gaz fèy bwa a ki lakòz dife a pako la. Kòm toupatou fenomèn chanjman klimatik la ap rive sou nou, nou dwe koumanse panse ak manifestasyon sa yo.

 

Toutotan se mòd Leta reyaksyonè sa a ki nan tèt peyi a se tank tout sa ki gen awè ak lavi ap banalize.

 

MIM, 5 mas 2023

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here