Ayè vandredi 10 fevriye 2023 a, bibliyotèk “Institut pour la Promotion du Développement de l’Éducation et de la Culture” IPDEC, mete fen ak semenn aktivite sou memwa dat istorik 7 fevriye 1986 la.
Okay 11 fevriye 2023
Vandredi 3 fevriye 2023 pase a, jenn yo nan klèb lekti “IPDEC” te lanse yon aktivite pwodiksyon tèks imajinè ( fiksyon) sou 7 fevriye 1986, dat enpòtan sa kote pèp Ayisyen an te di non, Aba diktati. 37 lane apre leve kanpe sa a, ki gany?
Nan semenn 7 fevriye a, bibliyotèk la òganize yon ekspozisyon ak pwodiksyon jenn nan klèb lekti bibliyotèk la, yon Kote epi ekspoze tout lòt kalite liv ak foto sou moman sa a yon lòt kote. Nan jou 7 fevriye a se pwojeksyon fim dokimantè Arnold Antonin an,“Témoignages pour l’histoire de l’impunité en Haiti ” ki te woule epi te gen yon konferans deba sou tranch nwa istwa rejim retwograd sa yo soti sou papa a, François Duvalier 1957 pou tonbe sou pitit la Jean Claude Duvalier 1971, ki ansanm pase 29 lane ap dirije peyi a. Pou te fèmen semenn aktivite kiltirèl ak sèvèl sa a se jenn powèt Georgy Lundy ki te alonè. Powèt la te prezante yon konferans/ deba sou tèm “Presyon ak libète kò” ki travèse 3 tèks li deja soti yo epi tou pwofite vann dènye tèks li a, “Anvlimen” yon tèks pwezi. Moman sa a, pou anpil moun ki se zanmi bibliyotèk la fè yo chonje lane 2000 yo kote anpil ekriven te konn vin prezante konferans.
Aprè pasaj matonton tranblemantè 14 out 2021 pase yo, bibliyotèk la te ajenou. Li pèdi anpil dokiman paske espas li te loje a -Lokal Oblats Marie Immacelee yo, OMI- te sibi gwo domaj. Nan dènye jou sa yo, RTM konstate gen yon travay pase men k ap fèt ladan l ki pral chanje espas la. Èske se pou fasilite bibliyotèk la fonksyone oubyen se yon fason pou mete bibliyotèk la deyò andousè aprè 23 lane kontra? Valè byen legliz katolik genyen, lekòl fondamantal, segondè, inivèsitè pouki se pa kado li fè IPDEC kado l oubyen vann li bay enstitisyon an?
Pou l ka rete djougan nan kominote a, sa gen yon lane 2 mwa konsa depi ansyen Delege Serges Chéry otorize l fonksyone nan konplèks la. Malgre espas la pa pèmèt li layite l nan monte tout reyon li yo men jenn yo jwenn Kote pou yo emansipe yo epi reyalize kèk aktivite kiltirèl nan sal konferans lan, lè l pa okipe.
Fas ak kèk pwoblèm, dirijan enstitisyon an te fè yon demand ak prezidan komisyon kominal Okay la, Marie Sylvie Rameau pou ta bay bibliyotèk la yon espas pou li ta tabli baz li nèt al kole nan vil la, demach sa a bloke akòz ministè Ekonomi ak Finans gen pwojè pou l bati nan tèren Lameri te swete bay IPDEC.
Daprè yon sous nou fè konfyans, se depi 18 avril 2022 pase a, Direktè Jeneral DGI a, Jean Emmanuel Casséus te ekri chèf sèvis apantaj la pou l te otorize apante tèren sa a pou bati yon batiman pou mete biwo a nan kad modènizasyon Leta a epitou tèren sa a antre nan domèn prive Leta a. Lameri pa ka bay sa l pa genyen.
Lameri se chèf vil la, se li ki gen kontwòl tè piblik Leta yo ak Direksyon Jeneral Enpo (DGI) men la se yon lòt bagay. Lè Ansyen majistra chèf wonflè a, Gabriel Fortuné te poze wòch sou espas la se te yon aksyon ilegal.
Bibliyotèk la antre nan patrimwàn materyèl vil la, li dwe pwoteje epi jwenn tout kalite bourad pou l ka kontinye kenbe san anvlimen sitiyasyon l. Si lameri fè yon fo pa sou tèren sa a èske l pa gen lòt tankou lokal ki fèmen nan ri Stenio Vincent an ( 2zyèm gran ri) li te ka bay IPDEC ?
Nan dènye jou sa yo, aktivite entèlektyèl yo sanble ap reprann plas yo nan 3zyèm vil peyi a. Nan yon moman peyi a anlanbo ak tout kalite zak kou pwojè kriminèl sou kad lavi yo, reve se yon bon mwayen pou sitwayen yo pase kap sa yo nan imajine yon lòt vil.
“M tounen pèleren pa fòs
M sèl fidèl nan pawas ou” kondi powèt Lundy.
Maks – Enmbèr Marslen
RTM