Kan ameriken te itilize “Grenn Nan Boumda” an 2004 pou fè koudeta kont Lavalas, anvayi peyi a ak twoup alye, yo te enstale fasilman Bonifas Aleksann kòm Prezidan Popetwèl ak ajan Jera Latòti pou egzekite ajennda yo, e sa te mache. Apre asasina Jovnèl la an jiyè 2021, enperyalis la ba Lalim lòd opere menmjan ak aksyon 2004 la tankou mas  popilè yo pat fè okenn pwogrè politik. Sa rete kwoke paske pouvwa Gang yo enstale nan peyi a, malgre krim li komèt pa rive chita otorite l sou pèp la. Poukisa? Paske peyi dAyiti dekouvri kouman swadizan kominote entènasyonal la se yon katèl mafya anndan yon ekip pokè mantè ki pwomèt jadendedèn, pou yo mennen tout  moun nan lanfè. Y ap pale koze Demokrasi, epoutan y ap fè mètdam ak koken nan eleksyon toupatou. Sou plan ekonomik, pandan y ap ajite koze chanjman ak transparans, y ap itilize plan neyoliberal la ki se yon antrepriz eskwokri, vòl ak piyaj, pou kouvri vizaj yo k ap eskamote byen ak richès tout peyi domine sou latè. Donk y ap benyen toutouni, se  pou sa pèp ayisyen an mobilize tankou lòt pèp nan plizyè kontinan, pou denonse e mande kolonyalis yo sispann chwazi pou Ayiti, peyi a granmoun tèt li, li konn mezi soulye pou l mete nan pye l.

 

Piwomann ( ensandyè  ), se yon non moun save yo bay tout moun ki pran poz yo se ponpye pou tenyen dife, aloske se yomenm k ap mache simaye dife a. Sonje se Linyon Ewopeyèn,  Etazini ak Kanada ki te deside destabilize Ayiti nan reyinyon yo te fè Otawa nan lane 2001 an pou rezon politik. Yo mete Gang nan peyi a, kraze ekonomi l pou redwi Ayiti nan yon sitiyasyon ekonomik ak sosyal ki sanble ak sa k t ap pase nan epòk mwayennaj. Pa ka gen solisyon pou kriz la yo ka pwopoze, paske yo pa gen enterè vin ede Ayiti, se  pou tèt sa y ap chache kenbe sitiyasyon katastwòf la anpèmanans, pou fòse pèp la viv ansanm ak Gang  yo. Yo pat konn fè anyen pou peyi a depi 200 zan, poukisa se kounyela yo ta sonje pèp ayisyen an? Yo mete Eta Islamik ak Alkayida pou kontwole Mwayen-Oryan, Ameriken gen baz militè “Stuttgart ” nan peyi Lalmay pou antrene Gang pou voye anmède peyi nan kontinan afriken an, yo mize sou Koudeta anpèmanans nan Amerikdisid la pou kenbe dominasyon yo. Oksidan antre nan yon liy neyofachis kote yo bay do ak nosyon libète ak demokrasi a. Biden te itilize chwal pou pilonnen migran ayisyen yo nan Tekzas, li depòte yo pa plizyè dizèn milye pou sèl ane 2022 a, pagen lespwa pou yon bagay ki bon pou pèp ayisyen an ta ka soti lakay ameriken ak alye l yo.  Ann pran legzanp nan deklarasyon Linyon Ewopeyèn ki di Ayiti bon pou eleksyon, pou l kouvri zak Gang yo nan peyi a e fè yo tounen aktè politik ak ekonomik sou teren an. Donk, devan mobilizasyon pèp la, devan presizyon k ap soti nan revandikasyon ki sou beton an, pwisans mansonj ak blòf yo sispèk ke pèp la deside koupefache ak sistèm dominasyon kolonyalis la, y ap itilize divèsyon ak pwomès “viza imanitè parole” e swadizan akò aferis politik ta siyen ak yon Aryèl Anri ki deja mò antere sou sèn politik la, pou jete konfizyon nan mobilizasyon pèp la. Sepandan pou n di laverite, se tout sa peyi kolonyalis yo ap fè ak sa y ap di, pou pwogresis yo mete ankeson paske bonjou yo pa laverite. Tout 3 lòt peyi ki akonpaye Ayiti nan zafè viza imanitè sa, gen yon sitiyasyon patikilye lakay yo. Te gen yon lwa ” loi H Berton ” ki te ba tout Kiben dwa rezidans depi l touche dlo tèritoryal ameriken ke Trump te sispann poukisa yo pa reyaktive l!  Alò kisa pawòl viza  imanitè pou kiben vin fè la? Nan Venezyela, sitiyasyon politik entènasyonal la fòse ameriken leve anbago a, donk yon fonksyònman nòmal ap pèmèt Venezyelyen yo viv san nesesite viza imanitè.  Kanta Nikaragwa gouvènman pwogresis Daniel Ortega sot fè militè Ris antre vin bay peyi a sekirite kont menas destabilizasyon Etazini ka antreprann, donk koze viza imanitè pou peyi sa gen yon lodè pwovokasyon. An Ayiti kabwèt yo kole ak pwojè mafya ki anndan plan neyoliberal la. Konsa yo lanse pwojè plon gaye a pou jete konfizyon nan lespri pèp yo pou rezon politik. Ositou, koze viza imanitè a se divèsyon administrasyon ameriken an, pou fè ayisyen bliye chimen mobilizasyon an, pou libere peyi a.

Kidonk, tankou save ewopeyen yo di l, oksidan se yon rwayòm mansonj ak kòripsyon k ap depafini. Mondyalizasyon an ki chwal batay yo, se yon gwo eskwokri pou ride oligachi yo dechèpiye richès Leta Santral yo, pou kite pèp yo debwabalanse. Y ap pale koze Demokrasi ak Libète aloske yo pa danse kole ak ni youn ni lòt danlapratik. Donk yo p ap sis, pèp la ap sote pèlen yo tann pou li a menmsi yo ka jwenn kèk viza imanitè. Lalim ak ameriken yo k ap chache lonnen peyi a nan koze akò ak viza a, rete anndan yon monotoni dezagreyab paske zatrap sa yo se bouyon rechofe pou pèp ayisyen an. Mas popilè yo pagen pou bay kredi nan pawòl Lalim ak ameriken  paske zak yo poze sou teren an deja mete yo toutouni. Se pou tèt sa, pwogresis yo ak pèp la dwe kontinye file zepon mobilizasyon an pou denonse blofè ki nan Wachintonn ak tout lòt ki deplwaye sou teren politik la an Ayiti. JOUMOU PAP JANM DONNEN KALBAS.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, Vwa Rezistans Popilè (No60), KRPBB, 16 janvye 2023.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here