86 jounalis mouri asasinen pou 2022 a, sa ki bay 4 asasinay chak 4 jou.. Selon rapò sa enstans Nasyonzini an fenk mete deyò, yon jounalis moun chak 4 jou nan mond la, swa yon ogmantasyon 50 % parapò ak 3 dènye lane yo.

 

 

Okay, 16 janvye 2023

 

Ayiti klase pami peyi ki pi danjere pou travayè laprès yo pandan lane 2022 pase a. Pami 86 jounalis ki asasinen , Ayiti genyen 9 ka dèyè peyi Ikrèn ki anrejistre 10 epi peyi Meksik okipe mayòl la ak 19 ka .Selon Direktris Jeneral UNESCO a, Audrey Azoulay, se 3 peyi sa yo ki pi danjere pou metye jounalis la pandan 2022 a.

 

Mwatye nan viktim sa yo pa mouri pandan y ap egzèse pwofesyon yo, se plis pandan y ap vwayaje, nan pakin lakay yo, oubyen nan lòt espas piblik yo atake yo. Se paske anpil nan yo ap ankete oubyen denonse yon seri dosye sansib ki fè yo touye yo.

 

Responsab ògan Nasyonzini an mande ak diferan dirijan  yo pou fè plis jefò paske bilan 2022 a te twò lou. Ant 2019 ak 2021 bilan sete 58 jounalis ki te asasinen. Kont 99 nan lane 2018.

 

Francklin Tamar se dènye jounalis yo asasinen nan peyi Dayiti 18 desanm 2022 pase a nan Ri Kamo, sant vil  Pòtoprens. Li te resevwa bal nan men endividi moun pa rive idantifye ki te sou motosiklèt.

 

Gang ame ak Lapolis parèt kòm  prensipal bouwo travayè laprès yo nan peyi Dayiti.

 

Franndy Lesperance RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here