Gwo van, kout loray ak lapli pa rive kwape sware retwouvay rechany blan « Zèklè Gwoup Fanm nan Sid (ZGFNS) » te pwograme pou vandredi 6 janvye 2023 a nan lakou Nami Restoran ki chita nan ri Tousen Louvèti a blòk kafou Orèl.

 

Okay, 7 janvye 2023

Nan tradisyon peyi a, 6 janvye se fèt « Lèwa », Zèklè Gwoup Fanm Nan Sid, depi 3 lane pran dat sa a pou l òganize yon dine ak rad blan kote zanmi, fanmi, moun nan vil la vin bay blag, manje, bwè, griyen dan ansanm pou plezi lavi.

 

Lane sa a, akote atis envite yo tankou Ginou Guillaume, Sophonie Therassan, Estelle Fleurismond te gen gwoup konpa G7 ki pèfome pou envite yo. Menmsi pa t gen detire pye, danse, paske lokal la pa fèt pou sa, se pa yon « Night- Club » – Se kleb Backyard Nami Restoran » li pa gen pis pou moun danse-, men tout patisipan yo pa t rete chita. Yo leve danse kote yo te chita lè amoni son yo vibre yo.

 

Komite dirijan Zèklè Gwoup Fanm Nan Sid gen nan tèt li Prezidan Ange Francinette Croissy, pòt pawòl la, Debora Espérance ak youn nan manm gwoup la, Marie Ernance Dieudonné reponn kesyon radyo Montagna di yo satisfè pou jan sitwayen yo te reponn ak envitasyon an. Yo pwomèt gwoup Zèklè ap kontinye kenbe mòd aktivite sen sa yo yon fason pou kreye plis amoni nan mitan sitwayen yo nan moman lapenn, doulè, move ajisman, move lavi ak ensekirite k ap brase bil peyi a sa ki kwense moun yo lwen aktivite sosyal yo.

Zèklè Gwoup Fanm Nan Sid wè jou yon 18 septanm 2019. Li gen plizyè dizèn manm. GZFNS ap bouske bò kote tout fanm k ap sibi zak vyolans,  ankadre yo pou yo reprann konfyans.

 

Si nan 2 premye edisyon rechany anblan an gwoup Zèklè pa t atenn objektif yo te swete yo, pou 3zyèm edisyon sa a yo satisfè nan wotè 60 % paske objektif yo se te wè sitwayen yo kontan, yo ap viv ansanm la nan yon anbyans konvivyal.

 

Nan komin Okay, lavi kiltirèl pa t atè jan nou ap viv li lajounen jodi. Nan dènye 25 lane sa yo, anpil dat disparèt nan tradisyon kiltirèl rejyon an tankou: bal 31 desanm  kou bal kèmès  2 janvye pou timoun Òkès Méridional te konn fè pa rive òganize ankò nan vil la pa mande pou sitwayen yo al gade maswife sou plas dam Okay la.

 

Foto kouvèti:BÈL PIC Photography

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here