Eske yon revolisyon posib kounyela an Ayiti?
Wi li posib e l nesesè. Kondisyon yo reyini pou mas popilè yo antre nan yon revolisyon demokratik, nasyonal e popilè, kòm yon premye etap pou rezoud kontradiksyon klas yo.
Jodi a, mas popilè ayisyen yo nan yon kalfou istorik kote yo angaje nan youn nan pi gwo batay y ap mennen, atravè yon mobilizasyon pèmanan masif, pou atenn 3 gwo objektif prensipal:
1) Likide yon mafya politik lokal e entènasyonal ki pran peyi a annotaj;
2) Dechouke sistèm feyodal pezesouse a k ap detwi sosyete a;
3) Wete Ayiti anba dominasyon peyi enperyalis yo.
Depi deklanchman gwo mobilizasyon popilè nan lane 2018 yo, pagen jou ki pase san eskadwon lanlò pouvwa domèstik Gang PHTK yo pa mache nan san pèp la. Nan lespas 4 lane, yo kidnape e asasinen plizyè milye ayisyen; fanm, timoun, jounalis tankou lidè politik, pèsonn pa epaye. Nan absans yon òganizasyon revolisyonè pou kontre vyolans fachis la, kòm domèstik yo jwenn konplisite gouvènman neyofachis ki konpoze Core-Gwoup la, pouvwa Gang yo kontinye ap frape je fèmen nan peyi a. Sitiyasyon sa a ap alimante yon gwo kòlè nan mas popilè yo, kote anpil moun ap mande pou mas yo antre nan lesefrape, menmsi se ta yon gè sivil. Sepandan, nan moman sa a, fòk mas popilè yo fè anpil atansyon. Menmsi devan krim, pwovokasyon Gang PHTK ak ajan Core-Gwoup yo, li difisil pou pèp la gade san fwa l, li nesesè pou l fè sakrifis sa paske objektif mèt neyokoloni an se trouve pretèks pou l nwaye mobilizasyon an nan san pèp la. Sa fè plizyè lane, pèp la ap mennen yon gwo batay politik defason pasifik, e yo rive mete peyi neyokolonyalis yo ak rèstavèk yo deplwaye sou teren an toutouni. Core-Gwoup, oligachi feyodal la ak Etazini pèdi batay politik la. Ositou, oligachi a ak Core- Gwoup la panike, lè yo wè malgre britalite ak asasina ajan yo reyalize pou yo sou teren an, mobilizasyon an rete djanm opwen ke enperyalis la oblije parèt vizaj li.
Gen yon evènman istorik k ap manifeste l nan lit deklas la. Se premye fwa, mas popilè nan tout peyi a leve kanpe pou derasinen sistèm èksplwatasyon peze souse k ap kraze sosyete a depi plis pase 2 syèk la. Epi, yo kanpe anfas klas dominan an, anfas enperyalis yo, anfas asasen yo. Sèl espwa neyofachis yo se rapouswiv zak asasinay yo, pou pwovoke yon swadizan gè sivil nan peyi a, pou bay Etazini okazyon pran inisyativ yomenm, nan masak la ouvètman. Se pou tèt sa, entèvansyon militè ki nan tèt enperyalis yo gen objektif pwovoke mas popilè yo, pou fasilite travay eliminasyon pèp ayisyen an. Fòk pèp la konprann jwèt la, paske mobilizasyon manch long lan ap detwi pouvwa Gang lan, e l ap louvri chimen pou mouvman liberasyon nasyonal la abouti. Kontrèman ak desizyon Etazini, Kanada, Linyon Ewopeyèn te pran nan reyinyon Otawa nan mwa dawout 2001 an, pou se Gang ki dirije Ayiti, pèp la sou wout reprann souverènte peyi a menmsi sa mande l yon ti lòd anplis nan mobilizasyon an.
Eske yon revolisyon posib kounyela an Ayiti?
Wi li posib e l nesesè. Kondisyon yo reyini pou mas popilè yo antre nan yon revolisyon demokratik, nasyonal e popilè, kòm yon premye etap pou rezoud kontradiksyon klas yo.
– Revolisyon an ap demokratik paske youn nan objektif li se mete yon pwen final nan tradisyon gouvènman antidemokratik e fachis k ap demantibile sosyete a depi deklanchman kont-revolisyon 17 oktòb 1806 la, ak enstalasyon sistèm neyokolonyal ameriken an ant 1915 e 1934. Paske revolisyon an ap vle pou pèp ayisyen an benefisye tout dwa libète konstitisyon boujwa yo rekonèt sou papye, men ki pa janm aplike: dwa travay, dwa enstriksyon, dwa sante, egalite devan lalwa, libète opinyon, egalite fanm ak gason, dwa ak rèspè diyite tout moun.
– Revolisyon an ap nasyonal paske l ap travay pou aboli dominasyon politik, ekonomik ak kiltirèl peyi enperyalis yo sou Ayiti, pou transfòme sitiyasyon endepandans sou papye a, an yon endepandans reyèl. Paske revolisyon an ap vle pou pèp ayisyen an vin chèmèt chèmètrès anndan peyi a e sispann viv anparazit anba kilti etranje, pou l ka tabli relasyon l ak lòt pèp sou baz dwa granmoun li, e non sou lòd Etazini, pou l ka defann dwa tout ayisyen kèlkeswa kote yo kanpe nan peyi etranje.
– Revolisyon an ap popilè paske l ap kraze sosyete “Apated ” la kote mas popilè yo pagen okenn dwa, kote gouvènman fachis kou gouvènman PHTK yo ka asasinen yo nan lari jan yo vle, chak fwa yo fòmile revandikasyon yo, paske revolisyon an ap pèmèt se mas yo menm ki vin aktè pwòp istwa yo. Revolisyon an ap mete yon pwen final nan dominasyon gran pwopriyetè teryen ak dominasyon Boujwazi Konpradò a. L ap pèmèt mas popilè yo fè tande vwa yo e patisipe nan tout kesyon ki gen rapò ak politik, ekonomik, òganizasyon travay, enstriksyon, devlopman kiltirèl pèp la pou l jwenn kapasite pran defans peyi a.
Revolisyon Demokratik Nasyonal e Popilè a pral charye enterè ak revandikasyon tout klas ak kouch sosyal èksplwate yo. Gen yon bagay mas popilè yo pa dwe janm bliye. Yo pa dwe sote okenn etap nan devlopman revolisyon an defason mekanik. Enterè diferan klas ak kouch dominan lokal yo, makònen ansanm ak enterè enperyalis yo nan yon twa zariyen konplisite solid. Depi pèp la blese youn nan yo, tout lòt yo pran senyen. An 1986, kan Divalye te tonbe, klas dominan lokal la ak enperyalis ameriken an te deklanche yon lagè ” bas entansite ” kont pèp la. Kan sa pat pote rezilta, yo t ap tann nan, yo te pase yon vitès siperyè nan koudeta 30 septanm 1991 lan kote yo pral asasinen 5 mil moun nan pèp la.
Kidonk, vant Mons Fachis la ki poko mouri toujou fètil. Li pral akouche lòt Jovnèl, lòt Aryèl Anri, lòt Mateli osnon lòt delenkan. Se pou tèt sa, mèsenè politik nan LOEA, Core-Gwoup ak anbasad ameriken, vle rete anndan machin k ap òganize Eleksyon nan peyi a, pou kontinye reyalize lòt Koudeta elektoral nan do pèp la. Ositou, apre pèp la ta fin debarase peyi a demafya PHTK ak domèstik yo, li pral gen lòt pwoblèm anfas li pou l rezoud. Sou ang sa a, pratik politik la pral yon lekòl pou yo, menmjan pratik la te ye pou Desalin, pou Tousen e pou tout mas esklav yo ki te fè revolisyon 1804 la. Pratik la ap fè yo wè nesesite pou yo gen yon teyori revolisyonè pou gide batay yo defason syantifik, pou pèmèt yo dekòtike tout fòm èksplwatasyon y ap sibi, konprann kijan klas dominan an ak enperyalis yo òganize sosyete a, ki jan yo fabrike e konsolide ansanm lide k ap sikile anndan sosyete a, kijan lide sa yo sèvi pou konsolide èksplwatasyon ekonomik la, pou anpeche mas yo wè klè nan mekanis èksplwatasyon Boujwa a. Sa ap ride mas yo wè kilès moun ki lènmi yo, e ki moun ki zanmi yo, e pa ki wout pou yo pase pou vanse sou chimen revolisyon an, sètadi pou defini yon liy politik kòrèk. Nan travay sa a, revolisyon 1791-1804 la ak sa ki rive, kan oligachi a te trayi revolisyon an lè yo te asasinen Desalin 17 oktòb la, pral sèvi youn nan pi gwo baz fòmasyon politik pou mas popilè yo.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!
Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!
Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPB, Vwa Rezistans Popilè No58, Ayiti 2 janvye 2023.