Nan moman lekòl la ap louvri tipa tipa a nan Sid peyi a anpatikilye kou rès peyi a, Direksyon Depatmantal Sid – MENFP a ap ranfòse kad li yo ak enstalasyon yon nouvo Direktè annapre, Francklin Célestin , nan sal konferans Direksyon an, jounen vandredi 16 desanm 2022 a.

 

Okay 18 desanm 2022

Se anprezans reprezantan Minis defakto a, Ary Louis, kad direksyon an, anplwaye ak lòt envite, Direktè pou yon tibout tan an, Desir Sylvain Jean, enstale ansyen kòdonatè direksyon an Francklin Celestin kòm Direktè annapre selon lèt mominasyon ki pote siyati Minis defakto Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat nan dat 7 novanm 2022 pase a.

 

Enspektè Celestin ap feraye nan sistèm lan depi lane 1986. Li antre kòm enstititè nan nivo primè, pase kòm anseyan matematik nan nivo segondè, enspektè fondamental, Kòdonatè Direksyon an pou l rive DDS a.i/ MENFP a. Nan diskou l, nouvo Direktè a pwomèt li p ap ret nan biwo l. Li ap kontinye fè yon travay tèren detan l remèsye Minis defakto a pou konfyans li fè l.

 

Nan dènye lane sa yo, konpetans yo pa soti deyò pou vin fè pwomosyon nan direksyon an mete aksan plis sou karyè olye se kouran politik ki mete teknisyen yo.

 

Enstalasyon an vin boukle kantite Direktè annapre ki dwe genyen nan Direksyon Depatman la. Daprè enfòmasyon yo, nan depatman yo, estrikti a genyen: Direksyon Depatman an, (DD), Biwo Distri Eskolè (BDS), ak Biwo Enspeksyon Zòn yo (BIZ).

 

Enspektè Célestin vin jwenn 2 lòt Direktè annapre: Pierre Felix Georges ak Claude Bernard, plis yon ventèn enspektè fondamantal ak segondè – yon kantite ki redui- k ap travay anba je majò jon DDS/ MENFP Désir Sylvain Jean.

 

Yon lòt kote Ministè Edikasyon Nasyonal la pibliye yon nouvo kalandriye eskolè remanye. Ladan nou ka li kou yo ap reprann 3 janvye 2023 pou bout ak egzamen ofisyèl nan dat 4 out 2023.

 

Kalandriye a prevwa 3 peryòd kontwòl pou pipit: 6 – 10 fevriye, 24 – 28 avril ak 17 jiyè – 4 out 2023. Nou ap raple gen direksyon lekòl prive ki gentan sou premye kontwòl yo.

Kalandriye a pa pran ankont mwa novanm ak desanm 2022 a. Pou kèk anseyan ki reponn kesyon radyo Montagna, panse Minis defakto a rete kanpe sou louvèti 3 oktòb 2022 pase a malgre desizyon Kriminèl monte gaz gouvènman defakto a te kanpe fonksyonman lekòl la nan peyi a. Retire 3 mwa yo nan kalandriye a parèt yon jwèt koken kote Direktè lekòl prive yo ka jwe sou li pou pa peye anseyan yo mwa sa yo poutan anpil direksyon lekòl prive deja touche yo nan men paran yo.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here