Messerne Sagesse militan ekolojis trè angaje anonse sou paj facebook li, l ap resevwa gwo menas lanmò nan men moun li pa rive idantifye. Mesaj yo vini sou fòm apèl ak mesaj tèks. Militan an fè konnen li gen anpil kè kase pou lavi li ak lavi fanmi li.
Okay, 3 desanm 2022
Se yon Messerne Sagesse ak yon ton laperèz k ap eksplike sal nouvèl Radyo Tele Montagna kouman li gen gwo kè kase pou lavi l ak fanmi li apre li fin resevwa plizyè apèl enkoni kou mesaj. Militan ekolojis la deklare li gen gwo kè kase sitou lè li konsidere kontèks difisil peyi a ap fè fas lajounen jodi kote nenpòt moun ka viktim sou chapo ensekirite jeneralize la.
Se depi koumansman lane 2022 militan an anonse l ap resevwa menas sa yo sitou sou facebook. Men nan dènye tan sa yo atak yo ogmante. Militan kwè se pou pozisyon politik li pa rapò ak pouvwa an plas la epi angajman li kòm prezidan Festival Sine Kolo ki ta dèyè atak sa yo.
N ap raple Militan an pran plizyè pozisyon pou denonse nòt minis anviwonnman an, James Cadet ki se youn nan minis ki te siyen sikilè pou monte pri gaz la pandan ministè li ap dirije a pa pran okenn mezi pou redrese sityasyon anviwonnmantal peyi a ki anpire.
Militan ekolojis la deklare li deja kontakte avoka l pou pote yon plent fòmèl kont moun k ap fè li gwo menas lanmò a.
Pou ane 2021 an genyen 200 militan ekolojis yo resanse ki mouri asasinen nan mond la. Peyi Meksik nan tèt lis ak 54 moun ki mouri, Kolonbi dezyèm ak 33 ka, peyi Brezil vini twazyèm ak 26 militan ki asasinen. Sa montre zòn amerik Latin nan pote premye pri nan asasinen militan k ap goumen pou kòz anviwonmantal pou lane 2021 pase a. sou 17 peyi ki nan lis la Amerik latin nan gen 12 peyi .
Franndy Lesperance
RTM