Nan yon lèt ki pote siyati Sanatè lwès la, Patrice Dumont, radyo Montagna jwenn yon kopi elektwonik, mande pou kòlèg Senatè Sidès la, prezidan Sena Repiblik Ayiti, Joseph Lambert pou l demisyone yon fason pou l ka fè fas kare ak gwo sanksyon peyi kanada ak Etazini pran kont li akòz enplikasyon l nan aktivite louch.

 

Okay 9 novanm 2022.

Nan lèt tou kout sa a ki soti jodi mèkredi 9 novanm 2022 a, Senatè Patrice Dumont mande pou prezidan ti rès sena a kite pòs li apre administrasyon premye minis Kanada a, Justin Trudeau ak prezidan Etazini an Joe Biden akize aktyèl prezidan Sena Repiblik la: Joseph Lambert ki enplike nan trafik dwòg ak aktivite kriminèl nan peyi a.

 

Pou Senatè Depatman Lwès la, 3zyèm pesònaj politik peyi a dwe kanpe lwen Asanble Senatè yo. « Demisyon sa a ta dwe pèmèt ou layite kò w pou defann tèt ou rèd chèch jan ou deklare sa a nan radyo plizyè fwa », daprè sa nou li. Pou reprezantan Lwès la, li swete san pèdi tan pou kolèg Senatè a pale ak rès Senatè yo konsa y ap tou bay dizon yo.

Sa gen plis pase 6 lane depi RNDDH te fè soti yon rapò sou eleksyon 2015 yo. Se te sou moralite plizyè kandida pou pòs depite ak Senatè nan 50tyèm lejislati a akoz aparèy Jistis la ki kouvri yo anba wòb enpinite a. Nan dènye lane sa yo, non plizyè Senatè nan ti rès Sena a site nan ka kidnaping oubyen ki gen relasyon ak manm gang G9 ak alye li yo toukòm moun ki sansib ak gachèt yo.

Senatè Joseph Lambert ak Youri Latortue gen non yo ki site nan rapò Office of foreign Assets Control ( OFAC) depatman trezò Ameriken ak gouvènman kanada.

 

Nan yon deklarasyon nan dat 7 novanm 2022 pase a, depatman Deta etazinyen an mete yon milyon dola vèt sou tèt chak chèf gang sa yo: Jermaine Stephenson aka Gaspiyay, Vitelhomme Innocent ak Wilson Joseph aka Lanmò san jou. Otorite etazinyen yo site non Renel Destina aka Tilapli, Emmanuel Solomon aka Manno, John Peter Fleronvil, ak Jean Renald Dolcin pou enplikasyon yo nan ka asasinay ak kidnaping. Gouvènman ameriken an konfime yo gen bon jan prèv apre akizasyon sa yo. Yo anonse gen anpil lòt non yo pral mete deyò.

 

Nan klas ekonomik lan kou politik la anpil nan yo enplike nan move aktivite. Men anbranchman yo lakòz lajistis pa rive sou yo, anvlope yo nan dra blan kòm moun ki sen.

 

Maks – Enmbèr Marslen

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here