Nan yon mesaj ki soti ayè jedi 3 novanm 2022 a, òganizasyon entènasyonal pou kilti , edikasyon ak Syans, UNESCO, anonse gen yon tyè nan blòk nèj ki klase patrimwàn mondyal la pral disparèt nan mwens pase 30 lane k ap vini yo, sa vle di pou rive 2050 kèlkeswa sityasyon klimatik prezante pandan peryòd sa a . Yo mande pou gen yon aksyon prese prese pou redwi gaz kabonik yo (CO2) youn mannyè pou sove 2 tyè (2/3) ki rete yo.
Okay, 4 novanm 2022
Kèk èd anvan lansman Cop 27 la k ap dewoule soti 6 pou rive 18 novanm 2022 a nan peyi Ejip, vil Sharm El-Sheik, responsab UNESCO yo lanse yon 🆘 pou avni planèt tè a ki anba gwo menas pa rapò ak gwo blòk glas ki pral fonn e ki pral otomatikman monte nivo lanmè a. Yo fè konnen pa gen okenn mwayen pou evite blòk glasye yo fonn, sèl aksyon ki dwe poze prese, prese, se diminye gaz CO2 k ap pwopaje sou planèt la pou evite rès 2 tyè a (2/3) a fonn.
Pou rive 2100 gen posibilite pou pa rete anyen ankò nan glasye sa yo k ap fonn pou ale nan lanmè. Chak ane gen 58 milya tòn glasye ki fè pati patrimwàn limanite a ki tounen dlo. Rès 2 tyè (2/3) ki rete yo ka pa fonn si yo redui rechofman klimatik la a 1.5 %. Plizyè peyi nan kontinan ewòp la tankou : Lafrans, Espay, Laswis ; an Afrik tankou Tannzani koumanse gen gwo montay glas k ap fonn.
Ayiti plen zile ki koumanse ap sibi inondasyon tankou zile Kayimit, kay kòk akòz nivo lanmè a k a monte epi mete abitan yo deyò. Se menm reyalite a k ap menase tout peyi Karayib la. Si pa gen bon jan desizyon ki pran peyi sa yo ka rive disparèt akòz nivo lamè ki pa sispann monte.
Sous : RFI
Foto : Euro News
Franndy Lesperance
RTM