Apre arete lawont 19 minis nan gouvènman defakto rejim PHTK elaji a pran nan dat 7 oktòb 2022 pase a pou mande entèvansyon yon fòs mlitè etranje nan peyi a, sitwayen konsekan kou gwoup òganize, pati politik pa sispann denonse zak trayizon sa epi pare pou fè fas kare ak tout fòs militè amelyore.  Se pou sa plis pase 25 pwofesyonèl ki fè pati  Fowòm Politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen ( FPSPA) pran pozisyon pou denonse yon lòt debakman fòs militè etranje nan peyi a atravè yon nòt ki pote siyati pòt pawòl yo , Pierre Michel Chéry.

 

 

Okay 19 oktòb 2022

Depi nan fen mwa out pase a, mouvman yo nan peyi a te deklare mwa oktòb 2022 sa se mwa Papa Nasyon an, Anperè Jan Jak Desalin, yon fason pou onore Towo Desalin ki t ap batay pou Libète – Byennèt la tabli pou tout pitit peyi a san diskriminasyon, kont enjerans ak pou dwa otodetèminasyon peyi a… se nan moman sa ekip ki nan tèt pouvwa a souflete sitwayen yo ak arete Premye Minis/ Prezidan defakto Ariel Henry siyen pou mande yon lòt entèvansyon militè nan peyi a.

 

Nan yon tèks ki pote siyati plis pase 25 non divès pwofesyonèl ki gwoupe yo nan Gwoup Refleksyon – Fowòm Politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen ( FPSPA) pran pozisyon pou denonse yon lòt debakman fòs militè etranje nan peyi a sou swadizan kriz imanitè planifye.

 

« Senk (5) lane apre MINISTA fin kite peyi a, Ariel Henri ak ekip defakto l yo ap mande bòt blan retounen vin pase diyite peyi a anba pye. Depi nan ane 2019 la BINUH ap federe gang kriminèl kont pèp la pou rejim PHTK a, malgre sa, pèp la rive devlope estrateji pou li leve kanpe », daprè sa nou li nan tèks la ki pote siyati pòt pawòl gwoup la, akademisyen Pierre Michel Chéry. »

 

Gwoup la kontinye pou l di Ariel Henry ak 18 malandren parèy li yo pa gen tit ni kalite pou yo angaje yon fòs entènasyonal nan peyi a pandan GR- FPSPA ap raple pou listwa ak pou laverite sa ekip ki sou pouvwa ap chache fè a se yon krim. Krim sa manman lwa peyi a kondane l nan atik 21 ak 263-1 an.  Pou rezon sa a, GR-FPSPA mande rapid vit pou tout fòs pwogresis yo, demokratik yo, patriyòt konsekan anndan kou deyò peyi a jwenn yon mo nan pale ansanm pou anpeche pèp la vin fè eksperyans lokipasyon yon lòt fwa ki pral kontinye dechèpiye resous li yo, imilye l jan tout misyon militè ki pase yo fè l.

 

Kanpe goumen kont entèvansyon militè peyi enperyalis yo ap karese pou refè nan peyi a se yon fason pou defann peyi grandèt nouvo lib yo te mouri kite pou Nou.

Foto:AFP

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here