Plis pase 15 siklis sot kouri nan faz klasifikasyon ayè dimanch 9 oktòb 2022 a nan kad patisipasyon yo nan jwèt karayib yo k ap dewoule nan peyi Dominikani nan fen mwa oktòb k ap vini la.

 

Okay 10 oktòb 2022

Soti 20 pou rive 22 oktòb 2022 k ap rive la, ekip siklis mesye yo nan peyi Dayiti  pral pasipe nan konpetisyon jwèt karayib yo nban repiblik Dominiken. Siklis yo kouri 160 kilomèt sou wout (Okay – Mòn Koma) pou te pèmèt dirijan Federasyon Ayisyen Siklis ka jwenn 3 atlèt ki pral rejwenn 2 lòt kalifye dofis pou konplete ekip mesye yo.

 

Siklis yo te soti Lewogàn, Pòtopwens, Sen Mak ak Okay. 3 atlèt kalifye yo soti nan klèb Marcel Mathieux Okay ak klèb FC nan Kanperen. Yo pral kouri nan kategori mwens 23 lane oubyen « U23 ».

KING7820

Ekip siklis Ayisyen an souvan patisipe nan jwèt sa a. Ekip ki pral kouri la sou 2zyèm patisipasyon l. Lane pase yo te pami tòp 10 nan klasman jeneral la sa ki te lakòz yo te al kouri rès etap la nan peyi Gwadloup kote yo te fè yon bon konpetisyon. Ekip sa a genyen Fedler Staco, Jean Lout, Odvelt Clergé, Sheruss Fontal ak Wilgens Péyans ki se 5 altlèt ki pral reprezante peyi a nan kategori U23 a.

 

Jwèt karayib yo nan disiplin sa a fèt nan 2 etap: long distans sou wout 140 kilomèt ak kontrelamòt 42 kilomèt. Youn nan 3 reprezantan Federasyon an, Harry Staco  ki reponn kesyon radyo Montagna swete atlèt yo bon patisipasyon nan jwèt yo etan l ap swete wè disiplin sa a pi byen ankadre ( materyèl ak ankourajman nan ravitayman) paske jenn yo gen avni ladan l.

http://ayiti-espo-nan-jwet-karayib-la-ayiti-ap-souke-ko-l/

Maks- Enmbèr Marslen

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here