Ki Gen Politik, Mèt Neyokoloni An Reyalize Atravè Asasina Jovnèl La?

Depi 28 jiyè 1915, Etazini ranplase kolonyalis franse yo ki t ap kontwole Ekonomi ak Finans peyi dAyiti atravè akò yo te siyen ak ekip Bwaye a an 1825, pou yo te resevwa

non sèlman 150 milyon fran lò men tou, pou komèsan franse te gen dwa achte ak vann sa yo pito san peye taks. Ameriken yo ki  te debake ak “City Bank “,  te itilize l pou pran kontwòl akò kado a, achte dèt endepandans lan, pou se ameriken yo ki benefisye piyaj la. City Bank te pase 10 lane afile kote l te ranmase 1/4 osnon 25% Bidjè peyi a pou l voye Ozetazini, nan moman kote fonksyonè sivil ak militè ameriken yo te kontwole, Ministè Finans, DGI ak Dwann peyi a. Konsa, pandan 19 lane okipasyon dirèk la, ameriken yo reyalize yon jesyon sosyo-ekonomik katastwofik sou do peyi a. Yo masakre mas peyizan yo, depòte yo nan chan kann Kiba ak nan Dominikani, yo fè gabji administrativ opwen, anpil istoryen ayisyen rakonte kouman se ameriken yo, ki entwodwi koken ak kòripsyon nan politik an  Ayiti. Lè yo t ap kite peyi a an 1934 sou presyon popilè, avan yo pati, yo fòme Lame dAyiti kòm enstriman represif domèstik akote sivil rèstavèk pou kontinye travay sabotaj la, ki jete Ayiti nan yon kawo politik, ekonomik ak sosyal san parèy. Se nan kontèks sosyopolitik difisil sa an 2021 an, ekip mafya politik lokal ak entènasyonal la, deside asasinen Jovnèl, yon Prezidan ki te nan yon posti initil, pou ranplase l ak yon lòt ekip ensiyifyan PHTK 3èm vèsyon pou seye voye poud nan je pèp la. Malgre pawòl anpil, pèsonn pa wè sa k chanje nan mòd operasyon nouvo ekip  PHTK, pou fasilite travay mèt neyokoloni an sou teren an pou jistifye sakrifis la. Poukisa?

Nan yon entèvyou TètSendik, dirijan gwoup Montana bay sou radyo Majik, li rakonte kouman Aryèl Anri di yo, vrè dirijan peyi a pa ba l dwa foure bouch nan gwo dosye, li pagen otorite sou gwo desizyon ki ta konsène peyi a tankou pale sou kesyon Prezidan. San rantre nan detay sou konvèsasyon ant Aryèl Anri ak tokay li, nou kwè anyen pa nouvo anba syèl ble peyi dAyiti. Tout deklarasyon, tout konpòtman Aryèl Anri te endike kouman l se yon zangi san zo, ki pagen kolòn vètebral. Menmsi l ap trese riban, Aryèl Anri nan manti paske l byen konnen ke patwon l yo pa mete Prezidan, se pou evite ke dirijan ayisyen yo fè koutgidon vè Venezyela ak Lachin pou tante rezoud koze gaz ak zafè ekonomi an. Donk, nan nivo soumisyon avèg ekip Aryèl la desann nan, ameriken yo fè yon gen paske yo pat imajine apre asasina Jovnèl, yo te ka trouve yon lòt domèstik ki ta gen plis kat nan manch li ke Jovnèl. Akote sa, anpil aferis politik ki soti nan Inite, Fizyon, SDP ak lòt grenn senk ki te nan opozisyon ak Jomo Apredye, t al reponn prezan devan “Core-Gwoup ” pou fè blòk anndan pouvwa Gang PHTK a. Anplis desa, mobilizasyon sou beton an te destabilize e batay la te transfòme nan priz debouch nan radyo ak yon gè ant akò Montana, Pen, 11 septanm pou detèmine kilès k ap jwenn benediksyon mèt neyokoloni an pou yo rantre nan Primati ou Palè Nasyonal. Donk, asasina Jovnèl la te fasilite mèt neyokoloni an, diminye presyon mobilizasyon an, fè nouvo alye, fè tan pase pou rekonstitye ekip PHTK a, pou l rete mèt politik ak ekonomik nan neyokoloni an. Sepandan, si ekonomikman yo reyisi mete peyi a ajenou, yo gen wout pou fè sou plan politik, pou rive jwenn otorite pou konvenk popilasyon an sou posiblite pou Core-Gwoup ak Anbasad ameriken ta ka òganize yon eleksyon serye nan peyi a. Mobilizasyon yo rekòmanse nan peyi a, pou siyifye si asasina Jovnèl la, te vize kreye kondisyon pou fè pèp la vale konstitisyon, eleksyon fomamit ak replase aktè ki nan Core-Gwoup yo devan sèn politik la, tankou an 2016 la, operasyon sakrifye Jovnèl la echwe, menmsi l te pèmèt yon poz nan leve kanpe yo.

Kidonk, tout moun wè se mèt Jovnèl yo ki mete fen nan misyon l, nan yon operasyon rat kay manje pay kay. Pèp la pat gaspiye dlo l pou yon domèstik ki te toujou bliye egzistans peyi a, pou l te sèvi oligachi a ak etranje yo. Apre  anpil èksperyans, aktè yo sou teren politik la, te gen kasite disènman politik sifizan pou te evite tonbe nan efori ki te ka voye pèp la nan bra asasen yo. Ekip mafya rete izole parapò peyi a, menmsi pèsonn pa regrete Jovnèl, balon kriz la rete nan sant teren an. Jodi a, devan trajedi peyi a, pwogresis yo dwe akonpaye mas popilè yo anndan yon gwo òganizasyon djanm ak souverènte peyi a kòm bousòl. Konsa, chak jou, pèp la dwe medite sou objektif sa, pou l pran kontwòl peyi l. Anndan òganizasyon demokratik sa, mas popilè yo ak pwogresis yo dwe jwenn kouman pou yo travay pou rive

  1. a) pran kontwòl eleksyon nan peyi a, prepare l soti nan A pou rive nan Z, san patisipasyon etranje, pou se pèp la ki mete moun ki pou dirije l
  2. b) kouman pou se pèp la ki rive chwazi ak ki peyi sou latè, li dwe tabli relasyon diplomatik, ekonomik ak kiltirèl selon bezwen ak enterè peyi a
  3. c) kouman pou pèp la rive bay tèt li, yon plan ekonomik altènatif amòd jesyon feyodal neyokolonyal la, pou l oryante ekonomi an swivan bezwen peyi a, pou l rive bay pitit li Ledikasyon, Sante, Lojman selon yon politik sosyal li dwe defini limenm. Moun k ap mande ripti ak politik tradisyonèl la, dwe wè nesesite travay men nan men ak mas popilè yo anndan òganizasyon yo, pou abouti nan ti objektif minimal sa pou soulaje soufrans pèp la. Pawòl dòmi reve k ap soti nan vant FMI, Bank Mondyal ak nan bouch ajan enperyalis yo, se koze mètdam ki toujou pote dezolasyon nan peyi kote yo pase. Apre pliskon syèk ameriken ak alye l yo okipe peyi a, Ayiti pagen mwayen ranmase fatra, moun paka manje pandan ensekirite ap taye banda, donk se mèt kò ki dwe veye kò, pèp la dwe pwopoze pwòp solisyon pa l pou l retire tèt li nan lòbèy la.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil No42, KRPBB, 12 sept 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here