Prezidan Dominiken an, Luis Abinader, nan yon lèt nimewo 22018 ki pote dat ayè mèkredi 7 septanm 2022 a, mande ak Direktè Jeneral imigrasyon Dominiken an, Venancio Alcẚntara Valdez, pou entèdi tout etranje ki reprezante yon menas pou enterè ak enstitisyon peyi vwazen an, pami yo ansyen Premye Minis PHTK sou rèy Jovenel Moïse, Claude Joseph.

 

Okay, 8 septanm 2022

Ansyen Premye Minis Claude Joseph ki sot lanse pati politik li ki pote non Angaje pou Devlopman (Engagés pour le Developpement- EDE) 3 septanm 2022 pase a, twouve l sou yon lis 13 chèf gang aktyèl Prezidan Dominiken an, Luis Abinader mande entèdi antre sou teritwa peyi Ladominikani.

 

Nan lis sa a nou jwenn ansyen Premye Minis lan, Claude Joseph antèt lis, Jimmy Cherizier Alias Barbecue swiv li, Innocent Vitelhomme, Destina Ronel alyas Ti Lapli, Wilson Joseph alyas Lanmò san jou, Claudy Celestin alyas Chen mechan, Ezechiel Alexandre alyas Ze, Kempes Sanon, Chery Christ-Roi alyas Krisla, Félix Monel alys Mikanò, Jean Pierre Gabriel alyas Ti Gabriel, Alexis Serge Renel alyas Ti Junior ak Orlichen Emile alyas Pè Lebren ki fèmen lis la.

Desizyon sila a pran apre plizyè bouch  louvri ant ansyen minis lan ak Prezidan Dominiken an depi yon bon bout tan atravè rezososyal Tweeter anvan l pran wout enstitisyonèl sa a. Bò kote pa Claude Joseph, pa denonse maryaj li ak Kriminèl sa yo. Li nik deklare sou kont Twitter li, desizyon ki pran pou entèdi l antre nan peyi vwazen an epi klase l kòm ennmi nimewo 1 se yon onè pou li ki montre nesesite pou li angaje plis toujou nan konswi Ayiti nan dimansyon istorik li.

 

Sa gen kèk èd tan depi ansyen Premye Minis Claude Joseph deklare objektif nouvo pati politik li a se travay pou defann peyi Dayiti ak popilasyon Ayisyen an kont rasis Dominiken ki pa sispann devlope yon santiman rayisab. Pouki rezon Prezidan Dominiken an rale zam sa kont nouvo chèf pati politik la?

 

N ap raple non ansyen premye Minis Claude Joseph menm jan ak aktyèl premye minis Ariel Henry, site kòm gwo konplis nan lanmò ansyen Prezidan defakto, Jovenel Moise, asasinen anndan lakay li 7 jiyè 2021 pase a.

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here