Nan kad randevou chak mwa ki pa te respekte nan 3 dènye mwa sa yo, Direksyon Lapolis nan Sid peyi a prezante bilan aktivite yo mennen soti mwa jen pou rive mwa dawou, kote aksidan ak vyol ap vale tèren nan komin Okay anpatikilye kou rès Depatman an daprè chif pòt pawòl PHN Sid la prezante nan konferans li bay jodi lendi 5 septanm 2022 a, nan sal konferans komisarya Okay la.

 

Okay – 05 septanm 2022

Pòt pawòl PNH la nan Sid peyi a, Enspektè Yves – Lesage Pierre pou 3 dènye mwa: jen, jiyè ak dawou 2022, se yon total 369 moun ki arete, 145 arete ak manda, 205 ka flagran deli, epi chèf lye Depatman Sid la, Okay, gen 191 moun ki arete.

 

Pou mwa dawou 2022 a sèlman sèvis sikilasyon an anrejistre 27 ka aksidan ki lakòz 3 moun mouri nan blòk:  Bèjo, Fòmon ak Chapantye san bay tranch laj yo ak 29 moun soti blese. Responsab lapolis yo pa bay non plis rezon yo ki lakòz tout ka aksidan sa yo nan depatman an.  Men yon lòtbò sendika chofè sou plizyè sikwi nan komin yo pa sispann denonse move eta wout yo epi chofè k ap fè egzibisyon ki anjeneral lakòz pil aksidan sa yo.

 

Nan 10 ribrik pòt pawòl la prezante yo soti sou asosyasyon malfèktè, asasinay, brakaj, tonbe sou vwadfè, kontwòl idantite pou rive sou pote zam ilegal ak vyòl, gen 2 ladan yo: vwadfè ak vyòl k ap ògmante chak mwa daprè chif yo. Pou 3 mwa sa yo, se 61 ka vwadfè ki anrejistre -mwa jen te gen 14, jiyè te gen 20 epi mwa dawou 2022 a te gen 27 ka. Nan menm entèval sa a se 10 jenn fanm kou tifi ki sibi zak kadejak nan Depatman an, komin Okay li menm sèl gen 5 ka vyòl.

 

Nan ribrik moun ki gen zam ilegal nan men yo, enspektè Pierre rale ka mèt avoka militan pati Fanmi Lavalas la, Linscold Charles,  Lapolis te arete nan dat 20 dawou 2022 pase a nan blòk dèyè fò ki ta pral jwenn liberasyon touswit anba presyon patizan li yo kou konfrè avoka li yo nan bawo Okay la ki te mobilize pou te rache l nan komisarya a. Mande l pouki se tretman sa a yo bay mèt la, pòt pawòl la te kontante l pou l di, yo te verifyè zam lan ki ta sanble pa enplike nan dosye louch men Lapolis voye zam lan al jwenn jal Komisè Gouvènman jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond pou swit legal.

Kontakte yon avoka nan jiridiksyon Okay la, mèt avoka militan an di detansyon yon zam ilegal frèt kou cho se yon deli koreksyonèl ki dwe gen yon pèn koreksyonèl. Lapolis ap trennen moun lan nan pakè aneta ansanm ak zam lan kòm kò deli a. Pèn lan pa dwe depase 5 lane anprizònman.

 

Yon avoka dwe respekte lalwa ak tèt li. Lage mèt avoka Linscold Charles se yon briganday. Li te dwe peye pou zak li a. Li kontinye pou li di, Lapolis arete pou pakè. Si se dwa ki t ap fèt, mouvman ou pa, se te kenbe l epi trennen l devan pakè jan yo konn fè l pou moun ki pa gen tit yo epi ki ak yon zam ilegal sou li.

Pou defansè dwa moun lan, okenn moun pa anlè tèt lajistis. Lage mèt avoka Charles se te yon zak politik pou kalme patizan li yo.

Toutotan se paspouki k ap fèt nan debande je lajistis pou yon seri moun nan sosyete a, enpinite a fenk kare taye banda l nan peyi a.

 

Maks – Enmbèr Marslen

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here