Kan Yo Di, Tranzisyon Ripti! Sa Vledi, Revolisyon Nasyonal? Sosyalis Ou Demokratik?
Revolisyon 1791-1804 ki te boulvèse mond oksidantal esklavajis la, te pote anpil lespwa nan kè ansyen esklav Sendomeng yo. Desalin ki te pran pouvwa nan okazyon an, pat mezire efò l ak detèminasyon l, pou l te ba yo satisfaksyon, pliske dispozisyon ki te pran nan konstitisyon 1805 lan, te montre klèman ke pwojè sosyal Desalin lan, te nan enterè tout kouch nan sosyete a. Sepandan, nan moman Milat ak oligachi a te asasinen anperè a, yo te vize non sèlman retounen jwe wòl domèstik nan dèyè kabwèt esklavajis franse, men trouve mwayen bloke tout lide pwogresis ki te nan vant revolisyon 1804 la. Konsa, ekip ki te pran pouvwa nan zak asasinay la, pral siyen akò 1825 lan ki te mete Ayiti nan chimen neyokoloni, pou fasilite Lafrans ak Etazini pidevan piye richès peyi a. Jodi a, pandan pèp la pran beton an pou l fè enperyalis ak domèstik yo konprann ke l egziste sou teren an, li enpòtan pou n raple:
1) Se mas popilè òganize ki ka transfòme sistèm èksplwatasyon feyodal ak neyokolonyal la 2) Mas popilè yo dwe jwenn fòmasyon ideyolojik ak politik nan baz òganizasyon pa yo atravè tout peyi a, pou yo rive konprann ke tout fenomèn sosyal, ekonomik, politik, relijye yo lye youn ak lòt nan sosyete a, anba kontwòl klas dominan. Y ap rive konnen, rejim politik ak dominasyon kolonyalis yo pa etènèl, si yo òganize tèt yo, y ap anmezi chanje sitiyasyon malouk y ap viv la. Kijan sa ka fèt?
Nan yon kaye fòmasyon KRPBB, sou Prensip Ak Metòd Pou Mennen Batay Politik, nou te wè kouman Mao Tse Toung te chase tout konfizyon nan kesyon revolisyon, lè l te di li enpòtan pou rezoud kontradiksyon ki gen karaktè diferan ak metòd diferan: ” Se yon Revolisyon Demokratik ki ka rezoud kontradiksyon ant mas popilè ak yon rejim feyodal, Se yon revolisyon sosyalis ki ka rezoud kontradiksyon ant pwoletè ak boujwa e Se yon lagè Revolisyonè Nasyonal ki ka rezoud kontradiksyon ant koloni ak sistèm enperyalis. Donk, yon revolisyon an Ayiti jodi a, ap gen 2 gwo kontradiksyon pou l rezoud a) kontradiksyon ant bezwen devlopman sosyete a ak sistèm dominasyon neyokolonyal ameriken an kote enperyalis la reprezante lèdmi prensipal peyi a b) kontradiksyon ant mas popilè yo ak Alyans Leta feyodal fachis la, oligachi a, grandon ak enstitisyon konsèvatè yo ki bloke fòs pwodiksyon peyi a, nan wòl lèdmi segondè. Konsa, revolisyon an dwe gen yon karaktè anti-fachis, anti-feyodal ak anti-enperyalis. Kòm kontradiksyon ki imedya e ki pi fèb la, se kontradiksyon anti-fachis la, pèp la dwe mize sou yon revolisyon demokratik pou mete bout nan dominasyon pouvwa fachis la, e trase chimen pou solisyone kontradiksyon ant mas popilè yo ak rejim feyodal la, annatandan pèp la jwenn posiblite bay òganizasyon l yo dimansyon nesesè, pou rezoud lòt kontradiksyon yo. Ositou, kòm pi gwo zam pwogresis yo, se mas popilè, e mas popilè yo fò, sèlman lè yo òganize, pèp la dwe monte gwo òganizasyon demokratik la, k ap kouvri tout peyi a ak baz politik, pou l fòme tèt li ideyolojikman ak politikman. Konsa, l ap rive konprann kouman sosyete a fonksyone, e kouman fenomèn ekonomik ak politik yo lye tankou tout lòt eleman anndan sosyete a. Manm òganizasyon yo dwe fè aktivite politik ak ekonomik nan baz yo e se kotizasyon manm yo ki dwe finanse aktivite yo, annatandan solidarite lòt òganizasyon ak lòt pèp rive. Nan sans sa, pwogresis yo dwe pwofite tout espas, pou pale politik ak listwa peyi a nan mitan tout kouch sosyal toupatou, paske pèp la dwe enterese ak sa k konsène peyi l, avni l ak egzistans li. Chanjman yo ap rive lè mas yo pare pou chanje sistèm “Apated ” y ap sibi a, malgre Lenin fè n konprann ke priz konsyans mas popilè yo p ap sifi pou pwovoke revolisyon lè l di: “Yon Revolisyon gen dwa mi, alòske fòs ki pou charye l la pa anmezi pote l. Nan sans sa a, sosyete a ap tonbe nan dekadans, e pwosesis sa a, ap trennen pafwa pandan anpil tan “. Donk, fòk chanjman fèt ankalite kote se rapò travay yo ki dwe chanje, pou Leta mafya disparèt pou se pèp la ki kontwole nouvo Leta.
Kidonk, jodi a, nou wè kouman “Tranzisyon Ripti” sinonim yon Revolisyon Demokratik, e nou tout konnen ki wout pou n pran pou n abouti nan Revolisyon Demokratik sa. Revolisyon an dwe demokratik pou l kwape pouvwa fachis la, pandan l dwe vize aboli dominasyon ekonomik, politik ak kiltirèl peyi enperyalis yo. Mas yo dwe konprann si gen klas, gen lit deklas, kontradiksyon yo dwe parèt nan batay la, pou rezoud yo nan enterè ak pwogrè peyi a, pou pèmèt pèp la tounen pwòp aktè listwa l. Revolisyon Demokratik popilè a dwe charye revandikasyon tout klas ak kouch sosyal èksplwate yo. Se pou tèt sa, l dwe reyalize ak patisipasyon ouvriye, peyizan pòv, semi-pwoletè, kouch enferyè tiboujwazi a ak tout eleman pwogresis nan lòt klas yo, menmsi se abitan pòv, ouvriye ak semi-pwoletè yo ki reyini kondisyon pou gen karaktè revolisyonè, ki dwe konstitye fòs motè revolisyon an anndan alyans fondamantal la. Nan sans sa, mas yo dwe toujou fikse e mete kap sou objektif final la, chache wè kouman diferan klas yo aliye, kontwole rapò fòs yo nan peyi a kòm nan entènasyonal la, sènen reyalite konkrèt yo, pou yo jwenn metòd ak mwayen pou atenn objektif la. Revolisyon se kreyasyon, imajinasyon ak abilte avangad pwogresis yo, pagen fòmil paspatou. Toudepan sitiyasyon istorik yo, yon metòd gen dwa bon nan yon moman, pou yon peyi, nan yon lòt moman e nan yon milye diferan, li paka aplike. Pou mas yo reyalize gwo rèv sa, yo dwe anndan yon òganizasyon striktire, disipline kote y ap jwenn fòmasyon ideyolojik ak politik nesesè, pou yo ka klè sou prensip ekonomik ak politik k ap brase nan peyi a, klè sou tout pèlen ki tann nan pye peyi a depi franse ak ameriken yo te vin rekolonize peyi dAyiti. Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye, pèp la dwe kontinye òganize l men nan men ak pwogresis ki anndan kòm deyò peyi a, pou l jwenn bout Gang ak fòs fachis yo nan peyi a.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, Vwa Rezistans Popilè (No41)
5 septanm 2022.