Depi anvan ane 2000 yo, twotwa nan Pòtoprens ak vil pwovens ap sibi yon gwo transfòmasyon. Olye yo sèvi espas pou moun andikape kou apye sikile ki se premye rezondèt yo, yo tounen espas pou machann etale machandiz, garaj pou gare machin ak estasyon pou chofè moto ak machin. Sityasyon sa a otomatikman mete andanje lavi kategori moun sa yo fas ak machin epi moto ki souvan frape yo oubyen monte sou yo. Twaka gwo komin nan peyi a tankou Dèlma ak Petyonvil se kote moun apye gen gwo difikilte pou sikile.

 

Okay, 4 septanm 2022

Li fè 11 zè nan maten, nou nan Dèlma 33, zòn Televizyon Nasyonal Dayiti, sikilasyon an sere. Anpil machin, moto ak pyeton ap monte desann epi twotwa a kadriye ak machann ki etale tout kalite machandiz yon pa, kanbiz, teknisyen k ap repare telefòn, san konte taksi moto yon lòt pa kwaze sou twotwa a.

 

Sou wout prensipal la se yon veritab marèl k ap jwe ant machin privé, kamyonèt, moto taksi tout kalte k ap chaje, okipe yon bon pati nan wout la epi pyeton k ap jwe kwen pou jwenn yon tipasaj pou yo fofile kò yo. Yon veritab galimacha.

 

Sityasyon sa a pa twò diferan nan plizyè aks sou otowout Dèlma a soti kafou Rezistans (Kafou Ayewopò) pou rive Petyonvil. Gen plizyè kote twotwa yo pa disponib ditou pou sitwayen ki sou chèz woulant kou pyeton. Nan antre Dèlma 17, 31, 32, 33, 48, 75, zòn Jeral Batay lè se pa moto, se machann, lè se pa machann se kamyonèt ak bis ki kanpe pou chaje.

Avan kou pre evènman 2004 yo, ozalantou TNH la pa t janm ankonbre konsa. Se te yon espas detant pou tout moun k ap pase oubyen ki gen randevou ak yon lòt. Pa t janm gen machann ki te okipe espas sa a ki se kote pou andikape, pyeton mache oubyen kanpe. Anpil moun te renmen kanpe bò medya Leta sa a pou obsève sitou pèsonalite politik ak atis k ap antre ak soti nan espas la. Malerezman, nan dènye tan sa yo, antouraj TNH la tounen mache piblik. Kontrèman ak Delma 32 ki se yon mache, tout blòk 33 a soti bò TNH rive zòn kote pak Midore a tout twotwa te vid pou moun sikile.

 

Lòt obstak sitwayen yo ap fè fas se machin k ap ranje sou espas twotwa a anpeche popilasyon an itilize l, oblije yo desann nan lari a. Ris yo vin pi gran pou moun ki gen laj avanse yo, fanm ansent, timoun, moun k ap viv ak yon andikap, elatriye.

Akote pwoblèm sa yo gen pil frata ak twourego yo ki pa bouche, pouse sitwayen yo nan mitan lari a pou travèse obstak sa yo. Lameri, SNGRS (Sèvis Nasyonal Jesyon Dechè  Solid), 2 enstans ki ta dwe aji, souvan kwaze bra yo nan sa ki gen awè ak jesyon dechè. Pil fatra yo tounen adrès nan plizyè zòn nan peyi a.

Traka oubyen kalvè sitwayen yo ranfòsè ak reyaksyon plizyè machann ak chofè ki okipe lespas twotwa a ki pa ezite pou sal bonswa yo swa lè yo revandike pasaj la oubyen ki manke frape yon machandiz. Pou machan yo, kote yo chita a se nòmal paske se lavi y ap chèche. Se menm reyaksyon an pou chofè moto ki non sèlman konn pake moto nan espas la men tou konn pran plezi yo kouri moto sou twotwa pou evite blokis. Yo pa pè monte sou moun ki kanpe oubyen k ap mache sou twotwa a,ki vin poze yon pwoblèm sekirite piblik.

 

Nou ap raple, nan dat 16 janvye 2012, yon kamyon te pèdi fren nan Dèlma 33, zòn TNH,touye pou pipiti 30 moun ak blese 56 lèzòt. Majorite moun sa yo se te machann, sitou machann babekyou, fritay ,chofè taksi moto ki te okipe twotwa a ak lòt moun ki t ap pase. Jedi 20 septanm 2012 menm ane a , yon kamyon pèdi fren touye 2 moun ak blese plizyè lòt nan zòn Jeral Batay, bò mache Dimòne.

 

Kisa otorite yo di nan koze sa a ?

Depi anvan tranblemantè 2010 la, twotwa yo te deja okipe. Meri Dèlma a te deja pran inisyativ pou fè machann yo bay twotwa a, men se pa t janm yon bagay fasil. Machann yo fè konnen yo gen pitit ak lòt moun pou yo pran swen, pa gen lòt altènativ sitou nou konnen kote majorite moun p ap travay , se nan sektè enfòmèl y ap degaje yo.

 

Meri a te mete yon kò espesyal kanpe, BRICOR, ki te konn leve machann yo, sezi machandiz yo, kote anpil konn pèdi oubyen machann yo peye pou rekipere yo. Aksyon sa a te pouse anpil gwoup nan sosyete a kritike operasyon Lameri te konn mennen kont machann yo. Men dram ki te pase 16 janvye a 2012 la te pral montre yon lòtfwa nesesite pou te anpeche moun yo okipe espas sa apre gwo aksidan an. Men se te anven. Lajounen jodi, Meri Dèlmas pèdi batay la nèt akòz pa gen ase mache piblik pou machann yo vann menmsi anpil fwa yo plis entèrese ak bò lari a. Lapolis sou kote pa li pa janm leve ti dwèt li malgre se yo ki gen responsabilite pou jere koze sikilasyon nan peyi a.

 

Nan dènye jou sa yo, kriz gaz la vin fè plis moun pran apye, ògmante kantite moun k ap mache nan mitan lari a.

 

Hugues Georges Rameau, nan kad yon travay li fè nan lane 2014 ki pote non « Un système de transport adapté aux besoins de circulation à Port-au-Prince », prezante sityasyon ak pèspektiv sou sikilasyon ak transpò nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Li rezime travay la konsa : Karakteristik espas vil Pòtoprens lan, ki gen yon popilasyon anviwon 2 470 762 moun nan ane 2012 [1], se rapwochman ki genyen ant espas ki gen aktivite yo ak espas kote moun rete yo. Devlopman rapid Espas Vil Pòtoprens lan (AMP an franse) pandan dis (10) ane ki sot pase yo rann li vrèman frajil. Anpil fwa, popilasyon an konn nan obligasyon pou li òganize tèt li pou kont li.

Anjeneral, sitwayen yo mache apye pou yo regle pi fò nan tout sa yo bezwen pandan yon jounen. Fason moun yo pran lari a pou yo toujou deranje sikilasyon an nan pati wout ki genyen nan AMP a, sa konn lakoz sikilasyon an bloke nèt-ale. Move fonksyonnman sistèm transpò a nan AMP genyen konsekans negatif sou tout aktivite ki genyen yo, kòm konsekans pi plis kòb depanse pou pwodwi yo ak pou jere yo epitou pri machandiz monte rapidman lè moun ap achte. Vin genyen, tout bon, yon nesesite, ki pa kapab tanmen pou gen aksyon ki fèt pou amilyore sistèm transpò a, yon fason pou sikilasyon moun, machin rive fèt pi byen nan AMP a. Nan atik sa a nou ap prezante kèk chwa tout moun kab konsidere pou mete lòd nan transpò ak nan sikilasyon moun epi machandiz nan AMP a.http://www.haiti-perspectives.com/pdf/3.2-systeme.pdf

 

Nan yon peyi tankou Kiba , yo bay anpil priyorite ak andikape kou pyeton. Se youn nan rezon tout twotwa nan sant yon vil tankou Santyago rete lib pou pyeton pase. Menm machin nan depi li rive sou pasaj pyeton an an menmsi chofè a pa wè moun li ralanti nèt apre pou li akselere. Nan Sendomeng se prèske menm bagay la mensmsi se pa menm reyalite ak Kiba ki mete moun nan sant tout aksyon y ap poze.

 

Malgre nan peyi Dayiti nou gen anpil moun k ap viv ak andikap sitou apre tranblemantè 12 janvye 2010 la, nou kontinye ap fonksyone tankou moun ki san okenn bon sans. Leta a soud, li avèg. Nan tout peyi chak fwa popilasyon ap ogmante, Leta toujou ap amelyore sèvis li yo. Men malerezman an Ayiti se plonje Leta ap kite sitiyasyon an plonje pirèd.

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here