3 moun jwenn liberasyon yo nan Komin Kwadèboukè, zòn Bon Repo, jodi samdi 27 dawou 2022 an apre bandi ak zam te fin kidnape yo. Liberasyon sa a fèt nan kad yon operasyon anti-kidnapin plizyè inite nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) mennen pami yo  Selil Kont Anlèvman (CEE nan lang franse) ki jwenn sipò Brigad Rechèch ak Entèvansyon (BRI) epi Brigad Lit kont Vòl Machin (BLVV). Nan kad operasyon sa a, lapolis arete youn nan bandi yo epi sezi plizyè materyèl daprè yon pòs PNH la fè sou paj fesbouk li.

 

Okay, 27 jiyè 2022

Lapolis Nasyonal la anonse yon lòt fwa, ajan yo rive libere 3 otaj nan zòn Bon Repo, Komin Kwadèboukè ki te anba men bandi yo. Viktim yo te pran yo soti nan divès zòn nan kapital la. Yo te pran yon premye lendi 15 dawou 2022 a nan Komin Kabarè; yon dezyèm, mèkredi 24 dawou 2022 a, nan Bon Repo epi dènye a menm jou a men se nan  Klèsin, zòn Kòmilfo.

 

Pandan operasyon an, otorite polisyè yo anonse yo arete Venisca Pierre ki t ap siveye viktim yo pandan sekestrasyon an. Ajan lòd yo sezi yon zam kalib 3.80; 44 katouch 3.80 milimèt; yon katouch 9 milimèt; 4 telefòn selilè; yon pè plak: AA 78742; yon kepi nwa ki make FBI; yon kagoul nwa ak plizyè kepi. Pou kounye Venisca Pierre ki t ap siveye otaj yo nan men lapolis pou reponn kesyon nan kad ankèt ki louvri nan dosye sa a.

Nan dènye jou sa yo, se pa premye operasyon PNH la mennen pou libere kèk viktim bandi kidnape. Pou kèk obsèvatè se yon bon siy pou rive mate zak kriminèl sa yo, swete aksyon sa yo kontinye selon kredo PNH la.

 

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here