Plizyè sitwayen mouri oubyen blese anba bal lapolis nan dènye 48 tè sa yo nan peyi a nan kad dezyèm jounen « mobilizasyon wouj » plizyè òganizasyon konsekan lanse kont lavichè, grangou, ensekirite, pri gaz disèt wotè toupatou nan peyi a daprè konsta radyo Montagna.

 

Okay, 23 dawou 2022

Manifestasyon, barikad ak tout kalite bagay sitwayen yo nan gwo vil yo tankou Potòprens, Okap, Okay, Sen Mak, Jakmèl… manifeste oubyen ret kanpe dèyè barikad yo pou montre dezakò yo ak fason rejim phtk elaji fizyon, SDP… ap dirije peyi a mande pou yo rache manyòk yo.

Nan dènye jou sa yo, pri manje ògmante 29 pousan, materyo konstriksyon: siman, fè ògmante jouk nan wotè 50, 70 pousan, pri transpò yo double nan kèk sikwi lakòz lavi a vin pi di san konte ka kidnaping ak asasinay yo ki pa sispann fè dlo koule nan je sitwayen yo ki ap mande pou dirijan yo pran responssblite yo nan kwape gwoup ame k ap simen laterè nan peyi a.

 

Nad kad femen peyi a kont lamizè ak grangou bra ame klas dominan yo montre yo detèmine pou kwape revandikasyon sitwayen yo k ap denonse sitiyasyon malouk sa a sistèm Leta y ap sèvi a mete peyi a sa fè lontan.

Plizyè inite nan PNH la pa ezite pou bonbade manifestan yo kou sila yo ki pa dakò wout yo debloke anba gaz lakrimojèn, louvri kout zam otomatik sou popilasyon sivil la. Bilan an lou: nan Okay 2 moun pou pi piti mouri nan zòn Deksya ak Kans (2 jenn gason), san konte plizyè lòt ki blese anba bal, nan kapital peyi a alye pouvwa a touye 2 moun ayè nan Dèlmas 38, pami yo yon tifi 15 lane ak blese plizyè lòt epi nan Jakmèl 5 sitwayen blese anba bal kouche sou kabann lopital ap pran swen.

Pou plizyè sitwayen, Lapolis chanje sib li yo. Kote bandi ap fè edefè, yo pa menm ka pase. Lè gwoup ame yo ap atake popilasyon an yo pa janm reponn ak kri sitwayen yo men lè popilasyon an debou ap revandike dwa l pou l jwenn manje, travay, lojman, swen sante, touche yon salè ki pou pèmèt yo viv ak sikile libe libè se yo ki sibi egzaksyon ajan kòmandè yo nan PNH la.

 

Pawòl la di dan pouri gen fòs sou bannann mi. Simaye gaz ak bal sou sitwayen k ap revandike dwa yo se sib fasil pou polisye yo. Men sa gen plis pase 12 mwa depi Matisan bloke, ajan yo pito chankre nan wout nan bwa olye yo al twoke fòs yo ak eskadwon lanmò menm Leta PNH ap sèvi a mete kanpe ak sipò reprezantan loni an nan peyi a pou anpeche sitwayen rive jouk nan chouk ak mòd Leta reyaksyonè sa a.

 

Maks – Enmbèr Marslen

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here