Mwens pase 2 semèn pou pòt lekòl yo relouvri sou tout teritwa nasyonal la, paran yo pa sispann plenyen pou pri materyèl eskolè yo ki monte disèt wotè san konte frè ekolaj la ki te deja reprezante yon pwa lou.

Okay,20 dawou 2022

Plizyè paran temwaye bay Radyo Tele Montagna pou ane sa bagay yo vin pi konplike pou yo, tout pri liv ak lòt founiti eskolè yo ogmante. Yon pake kaye konkeran ki gen 10 kaye vann 2250 goud, sa vle di 225 goud pou yon kaye ,10 lane anvan sa menm kaye sa te konn vann 25 goud.  Pri liv menm se pa pale. Pou yon elèv ki prale nan premye ou dezyèm ane fondamantal, yon paran bezwen pou pi piti 10 mil goud pou liv sèlman san kaye, kreyon, enstriman jewometri, plim elatriye pa ladan l.

 

Sitiyasyon sa a ap dewoule pandan peyi a te deja ap fè fas ak plizyè matonton pwoblèm tankou : grangou, ensekirite, chomaj , lavichè kote lajounen jodi yon moun bezwen 160 goud pou yon dola ameriken nan mache paralèl la.  Anpil paran fè konnen timoun yo pral oblije rete chita lakay yo paske menm kanè pou ane eskolè pase a yo poko pran akòz yo pat ka fin peye lekòl la.

 

Anpil lekòl prive sitou pou timoun piti ( Kindergaden) bay mayo , pri yo souvan fikse an dola ameriken. Yon mayo koute ant 20 a 30 dola, chosèt 5 dola , pantalon oubyen jip ant 20 a 30 dola, menm pri pou rad espò. Kidonk paran yon bezwen ant 250 a 280 dola ameriken pou pi piti pou infòm pou ane a. Pandan Leta sou bò pa l pa janm founi je gade sa k ap pase anndan anpil  lekòl prive k ap ransonnen paran yo.

 

Anvan rejim PHTK a te pran rèy pouvwa a, Leta ayisyen te toujou konn sibvansyone liv. Pri yo te konn tou fikse sou kouvèvi liv yo, yon fason pou te evite machann liv yo bay kout ba nan pri yo. Malgre rejim nan ap ranmase yon dola senkant (1.50) sou chak transfè epi pran yon lajan sou chak apèl telefonik, sa pa anpeche sitiyasyon paran ak elèv yo ap dejenere chak ane pi plis. Anpil vwa pa sispann leve pou denonse kantite lajan mesye dam PHTK yo gagote nan Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE) depi lè yo vini ak pwogram sa a pandan pitit pèp la pa jwenn lekòl ak bon jan enfrastrikti pou yo aprann.

 

Li klè kou klèwoz akote lavichè a pwoblèm gaz ak ensekirite a se 2 lòt gwo obstak pou antre lekòl ane sa a pandan otorite yo ap peye avyon ak woule gwo flòt machin pou mache pase popilasyon an nan rizib.

 

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here