Avoka Legliz Episkopal Dayiti yo p ap defann kèlkeswa moun ki enplike nan dosye trafik zam  menmsi li gen rezon oubyen li gen tò dapre sa Komite Pèmanan kongregasyon an fè konnen jounen  Vandredi 19 dawou 2022 a.

 

Okay, 19 dawou 2022

Pou pipiti 3 moun deja jwenn arestasyon yo nan kad dosye bato zam ajan dwanye ak Lapolis te sezi nan ladwann Potoprens nan koumansman 14 jiyè pase a. Pami moun sa yo genyen Gina J.L Rolls kise yon bwokè ki te jwenn arestasyon l nan mwa jiyè pase a nan dosye sa a  ak Pè Cole Frantz ,Direktè Egzekitif Legliz Episkopal dAyiti ki apre plizyè envitasyon DCPJ pral rann tèt li bay Lapolis 17 dawou 2022 pase a pou prezime enplikasyon li nan trafik zam fann fwa nan peyi a. Malgre Legliz la  lave men l kou Pons Pilat nan dosye a, yo swete  tout fwa pou lajistis respekte dwa pè Frantz Cole nan kad tretman dosye a.

 

Apre Biwo Afè Finansyè ak Ekonomik (BAFE) ak DCPJ fin tande pè a pou trafik zam ak minisyon , kontrebann, fwod fiskal , fè lajan nan move kondisyon ak lave lajan sal… yo deside mete li nan gadavi pandan yo kontinye ap fouye lòt konntenè ak depo kote li ta sere zam anvan pou yo defere li devan tribinal dapre yon nòt Lapolis Nasyonal pibliye sou paj Fesbouk li.

Youn nan poumon Legliz Katolik la mete akote tout enplikasyon l nan dosye a men pou anpil moun li difisil pou yo soti pwòp nan dosye a parapò ak dezòd , divizyon ki egziste anndan kongregasyon sila a.

 

Pou opinyon piblik la, se pou dcpj kontinye jouk li rive jouke tout moun ak gwo levit kou ak soutàn ki enplike nan trafik zam nan peyi a. Arete yo se yon pa, men se rive jije yo epi kondane yo ki pou frennen aksyon Kriminèl sa a.

 

Se pa premye fwa non gwo zouzoune ap site nan trafik ilegal zam ak minisyon nan peyi a. Non ansyen Direktè Jeneral PNH Godson Orelus kou ansyen minis enteryè Reginald Delva te enplike nan yon dosye konsa men lajistis te blanchi yo aprè kèk jou pase fèmen nan 4 miray.

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here