Ayiti: Gessica Généus depoze materyèl li yo nan 3zyèm vil peyi a, vandredi 12 dawou 2022 a.

Okay,13 jiyè 2022

 

Depi bò 5kè nan apremidi, anpil moun te koumanse mase douvan lokal « La Cayenne Night-club » pou vin asiste pwojeksyon fim Freda a nan 2 seyans 6zè – 8 tè , 8tè – 10zè nan aswè. Malgre premye seyans lan te demare jouk bò 7 tè olye 6 zè ki te nan afich la, twaka piblik la pa te montre yo deranje ak konpòtman sa a. Lè reyalizatè a ak aktè prensipal la te parèt nan sal la se kanpe pifò moun kanpe ansiy respè pou akeyi yo.

Freda se listwa yon fanmi yon sèl grenn paran – manman- k ap leve 3 pitit poukont li: 2 fi ak yon gason. Pou fè fas kare ak kondisyon lavi yo , manman an swete pou youn nan medam li yo jwenn yon gason ki gen lajan pou leve fanmi lan atè a. Fim inèdtan : 30 minit lan pa detache l ak pil pwoblèm k ap brase bil lavi pifò Ayisyen kòm : koripsyon, ensekirite, vyolans konjigal, lamizè… Fen fim lan kite piblik la sou swaf li. Orizon datant yo pa konble.

 

Moun ki gen 40, 50 lane nan komin Okay te konnen plezi sen sa a ki se Sinema. Sant vil la te gen 3 sal sinema nòmal ak 2 lòt sal ki te konn fè pwojeksyon sou gwo ekran. Depi plis pase 25 lane pa gen sal konsa nan depatman Sid la. Pwojeksyon k ap fèt alèkile yo ap bese ba valè 7tyèm ar la paske yo fèt nan espas ki pa apwopriye men fè afè òganizatè yo nan endistri sa a ki mande plis konfò.

 

Moun pa viv pou manje ak bwè sèlman, rèv fè yo viv tou. Pou rive nan pwen sa a fòk pwodiktè ak kreyatè yo jwenn espas pou pwodui ak kote pou zèv yo woule. Men kòm tout biznis rete nan kesyon machandiz, bizisman aktyèl yo pa envessi nan enplante sal sinema. Yo pito ap enplante ponp gazolin, izin vetivè… kote ki pa fèt pou sa. Leta bò kote pa l pito ap banbile lajan taks malere yo oubyen gagote lajan prè tankou fon petwokaribe a ki te pou fè devlopman moun ak mete tout kalite enfrastrikti ki wè ak devlopman fizik, entèlektyèl sitwayen yo.

 

Maks – Enmbèr Marslen

RTM

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here