Kolonbi-Eleksyon : Nouvo prezidan peyi Kolonbi a rantre nan fonksyon li jounen Dimanch 7 jiyè 2022 a.

 Gustavo Petro enstale dimanch 7 jiyè 2022 a ofisyèlman kòm premye prezidan ki soti nan lagoch nan tèt peyi Kolonbi  anprezans plizyè chèf Leta ak lòt diplomat ki te deplase pou vini asiste ak seremoni enstalasyon an. Yon evènman istorik pou lagoch ak pèp kolonbi a.

Okay , 8 jiyè 2022

Se nan prezans plizyè chèf leta  tankou : Prezidan Chili a, Gabriel Boric; Ajantin, Alberto Fernández ; Ekwatè, Guillermo Lasso ; Paragwey, Mario Abdo Benitez ; Bolivi, Luis Arce ; Repiblik Dominkèn, Luis Abinader ; Panama, Laurentino Cortizo ; Kostarika, Rodrigo Chaves ; Ondiras, Xiomara Castro ak Wa Felipe VI, peyi Espay nouvo prezidan kolonbyen an, Gustavo Petro ak  Prezidan annapre a, Francia Márquez enstale nan plas ansyen prezidan Ivan Duque ki sot pase 4 lane sou pouvwa soti 2018 pou rive 2022 .  Gustavo Petro ak Francia Márquez apre yo te fin ranpòte eleksyon yo nan dat 19 jen 2022 a pase pral pase 4 pwochen lane yo sou pouvwa ak yon gwo majorite nan nivo kongrè kolonbyen an.

 

Gustavo Petro gen 62 lane, li te depite pandan 2 fwa, 1998 ak 2002 ; senatè yon fwa, 2006 ; Majistra Vil Bogota, 2012 pou rive 2015 ; kandida pandan 3 fwa pou pòs prezidan, 2010, 2018 ak 2022 kote li eli premye prezidan ki soti nan lagoch nan tout listwa peyi Kolonbi. Francia Elena Márquez Mina bò kote pa li, gen 40 lane. Se yon avokat, militant ekolojis, li se premye fanm afwokolonbyen ki okipe pòs vis prezidan an.

 

Lidè Kwalisyon Pak Istorik la prete sèman devan plizyè milye moun pami yo prezidan kongrè a. Li pwomèt pou l konfòme li devan konstitisyon an ak respekte lwa peyi Kolonbi yo. Li mande pou yo depoze zam yo pou lapè ka tounen nan peyi a apre 60 lane konfli ak vyolans. Li plede pou adopsyon yon konvansyon entènasyonal ki dakò batay kont dwòg la echwe men tou ki pwone yon politik kont gwo konsomasyon dwòg la.  Yon lòt kote li pare pou l batay kont chanjman klimatik la ki se yon reyalite. Se yon ijans. Ni ladwat , ni lagoch pa di l, men Lasyans di l. Nou genyen e nou kapab jwenn yon modèl ekonomikman, sosyalman ak ekolojikman dirab. Li envite dirijan Latino ameriken yo pou kite dèyè diferans ideyolojik yo pou travay ansanm nan linite. Yon lòt kote li anonse repriz relasyon diplomatik ak komèsyal ant peyi Kolonbi ak Repiblik Bolivaryèn Venezuela kite kanpe depi lane 2019.

 

Nouvo gouvènman an monte nan moman kote peyi Kolonbi ap fè fas ak gwo pwoblèm ekonomik, sosyal, sekirite, dwòg elatriye. Pou lane 2021 an sèlman, genyen 145 defansè dwa moun ki mouri nan peyi Kolonbi. Vyolans sa yo se rezilta inegalite sosyal, trafik dwòg, aktivite minyè ilegal pou site sa yo sèlman.  Nouvo dirijan yo pwomèt yo pral fè tout sa yo konnen pou garanti ak pèp kolonbyen an yon minimòm byennèt y ap chache depi plizyè deseni.

 

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here