Ayiti-Solidarite : Yon òganizasyon sosyal ak popilè nan peyi Gwadloup pote solidarite l bay ouvriye yo ak pèp ayisyen an.

Okay, 3 jiyè 2022

Lyannaj Kont Pwofitasyon (LFK), yon kolektif ògnizasyon nan Gwadloup , denonse nan yon kominike ki pote dat 2 dawou 2022 a, sityasyon grangou, vyolans ak ogmantasyon mizè ouvriye yo ak pèp ayisyen an ap sibi. ”RÈSPÉ POU TRAVAYÈ E PÈP AYITI “ se sa ansanm òganizasyon ki fè pati kolektif la mande pou peyi Dayiti a k ap viv yon sityasyon katastwofik depi plis pase 3 lane.

 

Vòl, vyòl, kidnapping, asasina se kèk pami gwo kalamite pèp ayisyen an ap fè fas chak jou dapre kominike a. Pri pwodui premye nesesite yo ki pa sispann ogmante sitou nan katye popilè yo te lakoz plizyè leve kanpe nan peyi a pou mande dirijan yo pran mezi pou bese pri yo ak rezoud pwoblèm rate gaz la. Yo kontinye pou di, sityasyon grangou ak esekirite a vin konplike lavi travayè ak travyèz yo. Pwoblèm transpò ak ensekirite yo pouse plizyè izin sitou tekstil fèmen pòt yo epi voye prèske 20 mil moun al chita lakay yo.

 

« Fas ak dram sa yo popilasyon an ak travayè yo ap fè fas, gouvènman an sou lòd gran kapital entènasyonal yo, rete imobil, kite pèp ayisyen chak jou pi plis ap plonje nan lamizè. LKP kondane sityasyon trajik ak kriminèl sa a otorite ayisyen yo ak zanmi enperyalis yo kreye. LKP egzije respè ak pwoteksyon pou travayè yo ak peyi Dayiti », nou ka li nan kominike a.

 

N ap raple Lyann Kont Pwofitasyon se yon regwoupman yon 50 tèn òganizasyon sendikal, asosyatif, politik ak kiltirèl nan peyi Gwadloup.  Li pran nesans nan lane 2009 apre diferan mouvman ki te ògnize nan peyi sa a nan mwa desanm 2008 pou te pwoteste kont ogmantasyon pri gaz.

 

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here