Responsab plizyè lekòl piblik, prive kou Direksyon Depatmantal Sid Edikasyon Nasyonal la di rezilta yo miyò nan depatman Sid ak yon pousantaj 91. 22 pousan kandida ki reyisi nan egzamen ofisyèl 9AF 2024 – 2025 lan.

 

Okay, 4 septanm 2025

Daprè chif Direksyon Sid/ Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pataje ak nou nan Radyo Montagna, sou 13,686 elèv ki te patisipe nan egzamen ofisyèl 9AF yo, se 1,201 kandida ki pa reyisi.

 

Bèl rezilta sa a pa fè responsab yo sote twòp paske se dèyè 100 pou 100 y ap kouri pou tout lekòl. Ane sa pa t gen tibilans politik pou te pètibe lekòl la men grèv anseyan yo nan sektè piblik la se pi gwo defi a.

Pou plizyè responsab etablisman eskolè ki pale ak radyo Montagna di yo satisfè paske tout elèv yo te voye yo reyisi nan egzamen ofisyèl sa. Men pou kèk lòt malgre yo bay plis pase 70 pousan pa satisfè ak pèfòmans elèv yo malgre egzamen an te parèt fasil sitou nan 4 nouvo matyè yo.

Pou Direktè lekòl « Marie Claire Heureuse de Camp Perrin » an, Esnal Sincère, malgre li bay 100 pou 100 reyisit men nan nouvo matyè yo  tankou Etap, EP, EEA ak EC se anmwayen 95 pou san lekòl la fè. Mèt – Direktè a swete yo pral kontinye travay pou kenbe menm pèfòmans sa kòm toujou nan distri eskolè Kanperen an kou  pou rès peyi a.

 

Pou Direktè lekòl Nasyonal Aken an, Dunel Dubresil, rezilta a se 89 pousan li ye. Lekòl la te voye 36 kandida, 31 pase, youn te absan. Direktè Dubresil di, li pa t ap janm satisfè menmsi li te fè 100/100 paske elèv yo pa t jwenn anseyan nan sal klas yo ak grèv manch long anseyan yo epi MENFP pa ba l anseyan pou plizyè matyè tankou: anglè, fransè , matematik…Tanka pou 4 nouvo matyè yo, elèv yo degaje yo vin jwenn yo te gen kou konpansasyon sou yo.

Direksyon Depatmantal Sid la menm ale nan menm sans lan. DDS/ Desir di rezilta gen anpil siyifikasyon. Pou youn, malgre difikilte yo – grèv anseyan yo ki te konpanse ak kou ratrapaj yo – men lane lekòl la reyisi paske premye seri rezilta sa yo temwaye l. Nan tout lekòl ki bay 100/100 yo, gen plizyè lekòl Nasyonal ladan yo tankou: Charles Lassègue, Misserne, Labòd. Pou nouvo matyè yo, Jean Sylvain Desir di elèv yo reyisi jiska 96 pousan. Ministè a te voye fòm oubyen modèl yo epi li te bay tèm pou lekòl yo te wè ak elèv yo.

 

Nan premye seri rezilta ofisyèl sa pou depatman Sid la se distri Kanperen ki bay pi gwo eskò a: 1,322 reyisi sou 1,386 patisipan. Sa ki bay yon pousantaj 95. 37 reyisit pou Kanperen, Okay -Tòbèk suiv li ak 92.88, Koto an 3zyèm plas ak 91.59, Chadonyè suiv li ak 89:85, Pòsali 88,86 epi Aken 85,86 fèmen lis palmarès la.

Pou 6 distri eskolè yo: Okay, Kanperen, Pòsali, Koto, Chadonyè ak Aken te gen 13,686 kandida ki patisipe sou 13,840 ki te enskri, 12,485 reyisi sa ki bay 1,201 kandida ki echwe ladan yo ajoute 154 elèv ki pa t prezante nan okenn sant egzamen depatman an. Si nou pran chif sa yo, pousantaj Sid la ta dwe pi wo pase sa ki soti a.

Nan nivo nasyonal rezilta yo soti pou 8 depatman sou 10. Depatman Nò vin antèt ak 96.54 pousan, Lwès ak 95.16, Grandans 93.74, Sid 91.22, Nòdès 87.35, Lartibonit 86.01, Nip ak Nòdwès fèmen lis la ak 72.49 ak 54.19.

Kantite kandida ki echwe yo dwe atire atansyon Leta a. Paske gen anpil, anpil chans pou twaka nan pil timoun sa yo pa jwenn chans kontinye lekòl ankò ni jwenn posiblite aprann yon metye pou asire avni yo.

 

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here