Direksyon Depatman Sid /Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ak patenè l Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF) mete fen nan yon semenn fòmasyon « sou dwa fondamantal Timoun yo » pou yon senkantèn patisipan anmajorite jounalis ki sot nan divès Komin Depatman Sid la.

 

Okay, 28 oktòb 2022

Soti madi 25 pou bout vandredi 28 oktòb 2022 a, sou lobedyans Direksyon Sid/ Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) nan tèt kole ak ajans UNICEF, manm kabinè minis defakto Edikasyon Nasyonal la, Auguste Demezar, fèmen  seyans fòmasyon pou 30 jounalis,10 òganizasyon nan sosyete sivil la ak enstitisyon nan Leta a, 11 repòtè  benevòl Inisèf ki asiste seminè sa a nan ansyen lokal Minista a ki chita nan zòn Nòdwès vil Okay la, Brefèt

 

Seminè a te baze sou divès dokiman nasyonal kou entènasyonal ki anbrase dwa fondamantal timoun yo ki bezwen plis moun pran konesans sou yo sitou timoun yo yon fason pou yo konnen dwa yo.

Pi fò nan dwa sa yo: dwa ak Lavi, Sante, Edikasyon, Lamanjay, Anviwonnman, elatriye site nan tout 54 atik « konvansyon relatif sou dwa timoun » ki wè jou nan dat 20 novanm 1989. Ayiti bò kote pa l siyen l nan dat 23 desanm 1994, epi ratifye l nan mwa jen 1995, pa depaman ak sa ki di nan manman lwa peyi a kou nan Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo. Kòm moun, dwa fondamantal sa yo dwe jwenn menm tretman nan tout peyi ki adopte l. Menm lè gen dokiman sa yo: « konvansyon relatif dwa timoun yo » ak «Kòd kondwit »fè yon travay espesyal sou kategori sa a men tout pran sous yo nan Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo ki adopte nan dat 10 desanm 1948.

 

Nan dènye lane sa yo, pifò nan dwa timoun yo pase anba pye. Twaka nan yo paka pran wout lekòl, yo paka manje, jwe, evolye nan yon espas sen akòz move gouvènans. Timoun yo ekspoze ak tout kalite danje nan katye popilè yo kou nan seksyon kominal yo. Yo andeyò dwa fondamantal yo kou tout sitwayen. Fas ak sitiyasyon sa a youn nan kanal ki ka ede fè pwomosyon pou dwa sa yo se sektè laprès la akote tout enstitisyon k ap travay nan sans sa a.

 

Nan okazyon jounen mondyal timoun yo k ap rive nan dat 20 novanm lan, olye yon jounen se pito tout mwa novanm lan reprezantan UNICEF pou peyi a, Bruno Maes di ajans   Nasyonzini ap komemore. Konsa plizyè aktivite pral fèt pou timoun yo, ak timoun yo nan tout peyi a tankou konkou tèks, desen, mesaj radyo, espòt, mach… yon fason pou rive sansibile yo sou dwa yo.

 

Pati ak lide pa genyen moun pase moun. Tout moun se moun. Fè pwomosyon dwa moun pa ta dwe janm sispann nan peyi a ak mòd Leta sa a. Yon Leta reyaksyonè, eksklizif p ap janm travay pou fini ak diskriminasyon. Batay la se kontinye goumen jouk peyi a rive fè eksperyans ak yon lòt mòd Leta altènatif kote tout moun ap ka jwi dwa fondamantal yo san paspouki.

 

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here