3 premye match, 3 viktwa pou mondyal Kata 2022 a.

Dezyèm jounen boul lendi 21 novanm nan kad  mondyal Kata 2022 a, gwo viktwa pou peyi Angletè nan premye match la ki bat ekip Iran an 6 gòl a 2.  Yon bèl antre nan konpetisyon an pou ekip anglè a. Moun ki make pou anglè a se Bellingham 35 kyèm minit, Saka 43 ak 62 zyèm ki fè yon double, Sterling 45 kyèm, Marcus Rashford 71 zyèm minit, epi Grealish ki make dènye gòl la nan 90 zyèm minit jwèt la. Pou ekip iranyen an se Taremi ki make yon double 65 kyèm minit ak 103 zyèm sou pennalite.

Dezyèm match la te opoze ekip Peyiba a (Oland) fask ekip Senegal la san Sadio Mane ki fòfè depi anvan menm konpetisyon an te koumanse. Malgre peyi senegal te gen kontwòl jwèt la, yo pèdi match la 2 gòl a zewo (0 :2) fas k yon ekip Oland ki anvan premye gòl la ki make nan 84 triyèm minit jwèt pa Gakpo paptap jwe yon gran match. Dezyèm gòl la pral make 99 vyèm mint jwèt lpa Klaassen.

Sa déjà fè 12 gòl ki make 3 premye match ki jwe nan mondyal la ki demare ayè dimanch 20 novanm 2022 a.

Pwochen match la se pou 2 zè nan lè peyi Dayiti k ap opoze ekip Etazini a fas ak ekip Peyigal la.

N ap raple nan match kite mete fas a fas peyi òganizatè a, Kata, fas  ak Peyi Kwatè te fini 2 gòl a zewo an favè ekip Ekwatè a. Sa ki bay yon bilan 3 match jwe, 3 viktwa, epi 12 gòl make.

 

Franndy Lesperance RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here